mercredi 16 mai 2018

INYORE REYALITE PA YON ESTRATEJI POLITIK.- #Haiti #LeReCit

GEN YON VIDEO KI MONTRE KOMAN MAJORITE JENN KI NAN YON PWOGRAM RAP PRAN PREZIDAN JOVENEL POU BLOFÈ : SOLISYON AN SE KORIJE ERÈ POLITIK YO. SE PA INYORE YO !!!

Le 7 fevrye 2016, majorite gwo chèf ki tap byen mennen sou @MichelJMartelly te rantre nan twou al jere kòb yo fè. Jodia gen nan yo ki menm ap pran pòz yap kritike Martelly.

M'ap mande poukisa @MoiseJovenel kontinye ap swiv vye konseye kap di’l kontinye fè pwomès, inyore opinyon piblik la, pandan ke reyalite lari-a di estrateji sa pa bon?

Depi lè prezidan an monte nap di’l

1- atansyon ak estrateji abandone gwo vil yo pou ale konsantre tout ti resous yo nan yon seri zòn pwovens;

2- Nou te di’l atansyon pou’l pa kreye yon twou vid nan katye popilè yo;

3- Nou te di, menm lè “Karavann chanjman” an bon, pwogram sosyal yo dwe rekomanse kòm estrateji apèzman nan katye popilè yo;

4- Nou te di prezidan an dwe konsève yon seri distans se dekwa pou’l toujou gen fizib pou pwoteje’l :

Prezidan paka ap rankontre dirèkteman Palmantè yo tout tan, li paka ap mache fè promès. Li bezwen yon minis pou jere relasyon ak palman, li dwe kite minis yo fè pwomès yo. Li menm, se inogirasyon ki pou li. Epi si li fè yon pwomès, li dwe reyalize li. Li bezwen yon ekip pou fè swivi tout sa li pwomèt;

5- Prezidan an paka nan ap pwoteje minis ki pa konpetan ni dinamik. Paske se li menm k’ap peye po kase-a lè bagay yo pa fèt;

6- Si jodi-a son lari-a ap kritike prezidan an se paske li pa kite fizib yo fonksyone. Li pa dwe parèt tankou moun ki ap jere tout bagay. Bagay sa pa bon pou li onivo entènasyonal. Yo ka konsidere'l tankou yon prezidan "autocrat" ki vle di yon moun ki kenbe tout pouvwa leta nan men'l.

7- Prezidan paka inyore gen pwoblèm lidèchip nan SMCRS. Reyalite a la. Tout vil yo anba fatra. Prezidan paka inyore sa k'ap pase nan ONA... e latriye. Li paka jis pa okipe yo pou yon rezon oubyen yon lòt. Lè w gen yon pouvwa, si w gen yon zanmi w vle ede, jere'l yon kote ki pap deranje pouvwa a. Men pa nan yon seri de direksyon estratejik ki kapab gen gwo konsekans sou prezidans w.

Chak fwa w di bagay sa yo, yon bann flatè di se kont w kont Jovenel, se trayi w trayi, se yon moun ki di’w atake prezidan an, elatriye. Rezilta : yon kapital konfyans ke nou travay pou kreye, ap gaspiye.

Bagay sa tris !!! Pèp la poko rayi Prezidan Jovenel. Men li komanse doute. Sa mande pou'n aji vit pou repare dega yo. Paske li pa ekri okenn kote se yon prezidan ki dwe bay kouran 24/24 lisèl, oubyen relanse prodiksyon nasyonal lisèl... Prezidan an pagen okenn enterè pou l'ap pran objektif nasyonal sa yo pou defi pèsonèl. Li pi bon pou’l fè promosyon lide ke sa konsène nou tout.

Jesyon pouvwa diferan de jesyon antrepriz. Li mande finès ak souplès. W dwe konn koule, eseye pase san yo pa wè’w, fè komsi w pa konprann, pandan w rete konsantre sou objektif prensipal yo.

Nou paka kite nèg yo ap gaspiye rezilta tout lane batay nou fè kont anakopopilis yo.

Mwen konnen gen nèg ki pral itilize mesaj sa pou fè pote ale, pote vini. Men, map di yo, mwen pa jan de moun ki ka fèmen bouch devan sa ki manifesteman pa nòmal. Moun paka achte silans nou. Se yon reyalite ke nou paka detri pouvwa ke nou kontribye mete sou pye pou chanje peyi-a ak demokrasi. Men nou ka egzije koreksyon.

Nap pwofite di tou, nou paka kite move desizyon politik lage nou nan katchouboum. Koreksyon dwe fè tout swit. Paske sa nou dwe konprann, obsèvasyon politik pèmet nou reyalize ke 5 lane se yon manda ki twò long pou Ayiti. Depi yon prezidan rive nan 2e lane a, komanse gen yon fatig ki riske alimante ajitasyon politik, soulèvman, elatriye.

Kidonk, se eseye nap eseye abitye ak manda 5 lane. Men kiltirèlman e tradisyonèlman, se 3 lane trankilite yon prezidan genyen an Haiti. Kidonk, depi w pase 2e lane a, kòmanse gen yon tandans soulèvman ak rebelyon kap devlope. Prezidan Jovenel dwe konprann sa.

Konsa tou, li pa dwe blye tout lenmi li fè yo : ONG, yon gwo sektè nan boujwazi a, gwoup blakawout, yon sektè nan entènasyonal la, moun chèk zonbi yo, san konte moun Privert yo, elatriye.

Menm lè nou renmen sa, nou pagen enterè fè lagè ak yon pouvwa ke nou ede konstri. Tout moun kap ranse jodia oubyen kap jwe nan tèt prezidan an, kan 3 mare 4, y’ap jete yo.
Nou te wè yo an 2016... Matelly annik kite Pouvwa epi majorite nan yo gentan ap chache chanje kan, ap switch.

Nou ta byen renmen fè kèk dyèl ak yon seri nan yo pou demontre yo sa "B52" a pote epi fè yo wè feblès ak limit yo. Men, sa p’ap itil peyi-a anyen epi tou nou toujou rete kwè ke prezidan Jovenel gen volonte, li de bòn fwa. Men, sa pa sifi.

Kidonk, annou korije erè yo. Prezidan an bezwen fè “renseignement socio-économique” yon fason pou sa lap di e sa lap fè koresponn ak reyalite oubyen aspirasyon majorite pèp la. Gen pwoblèm. Nou paka inyore sa.
——

Mwen konnen gen yon moun ki pral rele’m pou di m’ap mete’l nan pwoblèm. Men zafè depi nou ekri yon bagay epi yon seri moun ap akize lòt moun nan, se manèv ka'p fèt pou anpeche nou pale, se yon fason pou mete baboukèt nan bouch nou.

Si sa nou di la lakòz yon seri moun fache, ebyen annou fè lagè sou rezo sosyo yo, apre sa n'a jere konsekans yo.


#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : 509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr

Aucun commentaire: