lundi 5 février 2018

Youri ak Beauplan kache kote lajan PetroCaribe-a pase : Group Blackout ak Koreen.-



Komisyon Youri/Beauplan dwe di pèp la pouki li pa janm pale de Koreyen yo???

Video sa ke ansyen komisyon Sena ki t’ap ankete sou PetroCaribe piblye, montre mechanste senatè yo. Yo pa janm pale de Koréen. Tande nan odio sa koman Jean Mary Vorbe ap di si y’ap chache gagòt sepa E-Power ak Sogener men se Koréen yo.

Senatè sa yo pase 2 lane ap site non Lamothe, Laleau, Bellerive...elatrye, fè moun kwè se yo ki manje lajan PetroCaribe. Yo chita ap pale de mache Fontamara, anti-date pandan yo pa janm pale de Koréen yo.

Jodi-a, nan pwòp video yo piblye, tout moun konstate ke pwoblèm lan se nan BMPAD, Group Blackout ak Koréen yo.

Sa ki pi grav la, Don Kato ki nan komisyon an ap defann Sogener. Beauplan menm gentan rive sou Martelly tandiske kontra sa yo egziste depi sou Préval.

Twou manti pa fon. Nèg yo ap bay prèv koman ankèt yo a te monte pou pwoteje moun pa yo epi akize TET-KALE.

Youri Latortue, Nenel Cassy, Don Kato ak Beauplan dwe bay explikasyon poukisa yo pa janm pale de Koréen nan radyo? Pouki sa se 14 minis yo chita ap akize de volè kowipsyon nan radyo, yon fason pou fè yo pote chay konpayi Koréen san ki chita Sendomeng.

Komisyon Youri/Beauplan an dwe di pèp la pouki li pa janm pale de Koreen yo pandan yo pase 2 lane ap asasinen 14 ansyen minis ak premye minis, rele yo vòlè. Eske se paske 14 sitwayen sa yo pa peye milyon ki fè non yo sèvi tòchon nan dosye #PetroCaribe a? 

Pwopozisyon Senatè Nawoon Marcellus ki mande pou tout senatè piblye bilan “patrimoine” yo ki vle di tout sa yo genyen kòm byen dwe tounen nan deba a. Paske gen enfòmasyon ki fè konnen sepa 2 kòb tinèg pa fè nan koze ankèt sou #PetroCaribe sa. Gen gwo mercedes ki achte ak lajan ranson ankèt #PetroCaribe. https://t.co/H1O71kqhE9 #LeReCit

#Haiti #LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : 509-3686-9669
https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/videos/10157230181489478/

Aucun commentaire: