jeudi 15 février 2018

ReseauCitadelle ap pataje ak nou lide pou konstri “Zone Metropolitaine du Nord”.-

ReseauCitadelle ap pataje ak nou lide pou konstri “Zone Metropolitaine du Nord”.- #LeReCit

Wout Labadi se yon bèl reyalizasyon. Depi 1986 nou tande Macajou Médard (dèfen) ap goumen pou wout sa konstri, yon fason pou touris ka desann na vil Okap. Se konsa gen òganizasyon popilè pou defann enterè bandinò ki goumen ak revandikasyon sa jiskaske depite Kenston Jean-Baptiste nan yon rankont nan Palè Nasyonal ak Prezidan Martelly ak Premye minis Lamothe nan lane 2013 poze konstriksyon wout Labadi ak reyabilitasyon plas Notre Dame Okap kòm kondisyon pou’l sipòte pouvwa TET-KALE a.
(Menm jan nou renmen kritike lè yo fè mal, nou dwe gen kouraj di sa yo fè ki byen)

Jodi-a wout la fèt. Se bèl bagay pou moun Labadi ak pou touris desann nan vil Okap.

Men wout sa kapab reprezante yon pwoblèm si otorite yo pa pran reskonsabilite yo. Map pale de Kazèk, majistra, depite ak senatè.

Paske wout Labadi sa pral atire anpil konstriksyon nan mòn Bandinò ak Labadi. Si bagay sa bay bidonvil, se yon sitiyasyon ki ka lakòz degradasyon anviwònman, epi reprezante yon gwo danje pou sit “Koko Beach" kote Konpayi Royal Caribbean ap resevwa plizyè milye touris chak senmenn epi pote plizyè milyon dola vèt nan kès leta.

Ki sa ki pou fèt:

1- Prezidan Jovenel Moise dwe depeche yon brigad pwotekstyon anviwònman pou siveye flan mòn Okap.

2- Otorite yo dwe profite de “Karavann Chanjman” pou kreye sa nou rele yon “Zone Metropole du Nord” ki ap rive fèt nan entèkoneksyon tout ti vil nan Plèn Nò a, tankou : Grand-pré, Cadush, Milot, Robillard, Ducos, Labryère, Acul du Nord, Camp-Louis, Plaine du Nord, Balan, Morne-Rouge, Lory, Carrefour des Pères, LaRue, Galman-du-plat, Quatier-Morin ak Limonade.

3- Entèkoneksyon vle di :
a) Fè wout asfalte pou moun ka sikile nan zòn sa yo;
b) Pase kouran elektrik nan tout lokalite sa yo;
c) Kadrye zòn sa ak pòs polis pou bon sekirite;
d) Mete dlo pou moun nan zòn sa yo;
e) Amenaje teritwa zòn sa nan delimite kote moun ka konstri kay, jaden, ak espas pou espò ak lwazi;
f) Ranfòse lekòl nan lokalite sa yo;
g) Asire yon sistèm transpò piblik ki travay 20 sou 24 pou asire deplasman moun nan zòn sa yo;
h) Devlope lopital ak lòt sèvis sante nan espas sa.

4- Entèdi nouvo lekòl louvri andedan vil Okap;

5- Entèdi konstriksyon nan mòn Okap;

6- Mete an plas yon plan pou konstri kay epi deplase moun ki konstri mal nan tèt mòn ak bò lanmè vil Okap;

7- Rekipere tout espas tankou plas Ri 3, zòn Shada, espas Larivyè Odikap kapab sèvi pou lwazi, restoran disko, touris, elatriye.

8- Konstri yon lòt mache pou “Zone Metropolitaine Nord” a epi fè Mache Clugny tounen yon mache touris, fwi ak legim.

9- Konstri yon simityè pou zòn Metropolitaine sa epi konsève simityè ri 3 pou memwa vil la.

10- Reyabilite baraj Karakòl nan GranRivyè ak baraj Latanery pou gen plis kouran epi tou ranfòse agrikilti nan espas “Metropolitaine du Nord” sa.

Se konsa nou kapab eksplwate “Karavann Chanjman” epi pwoteje kot vil Okap ki se espas pou nou devlope touris.

N’ap ka reyamenaje sit touristik tankou Fò Magny nan 90, fò Picolet nan Rival, Bwa Kayiman, Charrier, Vètye, ak yon bèl istwa pou pèmet touris vizite epi konprann gwo listwa nou menm pèp aysyen pandan n’ap fè yo peye lajan ki rezonab. (Nou dwe sispann mande pri ki twò chè epi ki pa fè sans. M’ap mande si leta pa ta dwe fikse pri nan domèn touristik tèlman aysyen mande blan twòp lajan epi dekouraje touris etranje)

Lide “Zone Metropolitaine du Nord” sa pra'l retire presyon demografik sou ansyèn vil Okap. Paske se pa nan kraze kay sèlman nou pral rezoud pwoblèm sa, solisyon an pase nan planifye, amenaje epi ranfòse tou. Otorite yo dwe konprann ke gen yon gwo pwoblèm lojman nan peyi d’Ayiti. Popilasyon an ogmante, gen anpil jenn ki bezwen gen pwòp kay yo. Nan ti zòn sa mwen sot di nou ka fè yon “Zone Metropolitaine du Nord” li ap pran anviwon 30 minit pou soti nan yon lokalite ale nan yon lòt. Kidonk, depi gen amenajman, yon moun ap byen kontan rete Camp Louise epi ale nan travay Okap chak maten. Depi gen sekirite, se yon flann pou kite Okap ale dòmi lakay w Acul-du-Nord, Cadush oubyen, Ducos, Robillard.

Vil Okap menase pa tranbleman tè ak tsunami. Nou dwe reyamenaje’l ak lide devlòpman yon zone “Metropolitaine Nord”. Prezidan Jovenel pa pè angaje gwo pwojè, nou dwe profite de manda li a epi mande’l kòmanse travay nan sans sa, san pèdi tan.


Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
#LeReCit @Reseaucitadelle
WhatsApp : 509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr

https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/posts/10157266167959478

Aucun commentaire: