mercredi 23 août 2017

Tankou Paul Kagame nan peyi Rwanda, Prezidan Jovenel ap chache remanbre ekonomi peyi d’Ayiti #Haiti.-

Tankou Paul Kagame nan peyi Rwanda, Prezidan Jovenel ap chache remanbre ekonomi peyi d’Ayiti #Haiti.- (Teks Cyrus Sibert)

Menm lè ekip prezidan Jovenel pale plis de aktivite l’ap fè tan yo pale de vizyon global li, tout moun ki gen konprann kapab reyalize ke chèf Leta-a ap travay pou remanbre ekonimi peyi-a nan kòmanse ak zòn andeyò nan zòn riral yo, pou yo tounen menm jan sa te ye sou prezidan Estime, Magloire, ak Duvalier.

Pou jenn kap gade politik la jounen jodi-a, n’ap fè sonje ke nan tan sa yo, avan Jean-Claude Duvalier te touye tout kocho kreyòl yo, te gen anpil aktivite andeyò, nan zòn riral yo. Te gen jaden, anpil manje, peyizan yo tap travay latè yo pa’t chita lavil anba bouch politisyen raketè kap manipile yo, epi pase yo nan rizib.

Pa’t manke manje, elvaj, anpil pwodi agrikòl. Nan tan sa-yo te gen sekirite andeyò. Pèsonn pat ka pèmèt li kite lavil epi al fè dezòd oubyen vole bèt peyizan-yo. Chèf seksyon t'ap arete’w. W pa’t ka travèse yon seksyon kominal ak yon bèt san li pagen papye.

Depi koze masak kochon kreyòl la, tout bagay chanje. Peyizan oblije kite jadin yo pou al fè yo eksplwate yo nan faktori. Aktivite ekonomi peyi-a oblije ale sou fwontyè paske se enpòte nou ap enpòte sèlman. Konsa tou aktivite yo konsantre bò lanmè nan pò yo. Depi lè sa, sèl mwayen pou fè kòb se nan djòb leta, nan politik oubyen, nan ONG ak transfè dyaspora. Bagay sa mete Ayiti ajenou kote se transfè ak èd blan ki fè nou viv. Pakèt peyizan ki desann lavil san yo pap travay tounen “ouvrye politik” pou fè manifestasyon, kreye enstabilite epi bloke peyi-a. Pou nou manje se dominiken ki oblije vann nou tout bagay. Fason nou manje, chanje. Nou tonbe nan manje diri chak jou, manje salami, bwè bwason ki soti lòt bò, sa w tande a enpòtasyon ogmante, maladi tansyon sik kansè ap vale teren. Tout aysyen nan bwè bwason tankou “Toro” ki bay enèji pou yon ti bout tan pandan li detri sante w pou tout tan.

Konplo sa te kòmanse ak masak kochon kreyòl, epi, lè Jeneral Henry Namphy rive sou pouvwa, misye aplike yon politik enpòtasyon je fèmen san rete ki fini ak nou.

Jodi-a, moun ki gen lespri kapab konprann estrateji prezidan Jovenel la. Misye rantre nan yon politik mare senti pou rive bay peyi-a yon lòt oryantasyon ekonomik kote n’ap retounen ak ekonomi riral pwodiksyon agrikòl la. Daprè #NegBannanNan, se sèl fason pou aktivite ekonomik yo reprann dynamik yo te gen sou Prezidan Estime, Magloire ak Duvalier.

Pou sa rive fèt, fòk lapolis djanm, fòk meri yo djanm, dwe gen lame pou kontwole fwontyè a, leta dwe gen otorite, tout moun dwe konnen lè prezidan fin pale l’ap aji. Sou pwen sa li klè ke Prezidan Jovenel se yon Chèf ki konn pran desizyon difisil, misye ka tranche. Li komanse bay prèv sa nan dosye salè minimòm l’an ak nan dosye gaz la.

Epi tout, anpil moun ki gen konsyans ka santi koman misye vle mete lòd nan depans leta.

Nan sans sa, tout patryòt konsekan dwe sipòte manèv politik ekonomik sa ki mande pou peyi-a mare senti li, fè sakrifis yon ti bout tan, yon fason pou nou remete’l sou wout li te ye avan banbòch demokratik anachis demagòg lagoch yo te vini kraze tout bagay. Fòk aysyen depann de ekonomi Ayiti ak pwodiksyon manje an Ayiti.

Se pa bagay ki fasil. Prezidan Jovenel nan gwo batay, li gen anpil konplo kont li; Paske :

1- Boujwa ki abitye enpòte manje yo, pa kontan pwodiksyon nasyonal;

2- Boujwa ki gen konpayi konstriksyon prive yo pa kontan pou leta rekòmanse fè wout nan peyi-a ni bouche twou nan wout yo, jan sa te konn fèt ak SEPREN (Service Permanent d’Entretien du Réseau Routier National). Yo prefere pou leta kite wout yo kraze epi ale mande prete lajan pou rekonstri menm wout sa yo, yon fason pou yo fè milyon;

3- Boujwa ki abitye vann blakawout pandan y’ap bwote milyon dola nan men leta pou pwodi kouran, pa kontan tande prezidan an gen pwojè bay kouran ak baraj dlo, pano solèy, moulen van, elatriye. Enterè moun sa yo se nan achete gaz;

4- La mafia andedan administrasyon piblik la, ki abitye fè milyon nan gaspiye lajan leta, pa dakò pou prezidan Jovenel mete lòd nan depans leta;

Tout moun sa yo pral kache deyè mouvman politik pou chache fè dezòd yon fason pou bagay yo pa chanje epi rete jan yo ye-a.

Prezidan Jovenel nan yon gwo batay. Batay sa mande konpreyansyon pèp-la ak sipò tout militan konsekan, bon jan patriyòt serye, ki renmen peyi-a.

Mwen te gen kè sote deske gouvènman an pat fè anyen nan vil yo. Jodi-a mwen kontan tande l’ap tounen ak pwogran sosyal yo pou soulaje mizè moun ki pi pòv yo. Mwen kontan tou deske gouvènman-an ap planifye rantre lekòl la, transpò pou elèv yo.

Bagay sa yo enpòtan anpil !

Politisyen tradisyonèl ki te patisipe nan kraze peyi-a pa kontan tou.

Pandan yo bwote lajan peyi-a al konstri kay nan peyi etranje sou non fanmi k’ap viv lòt bò pou yo pa dekouvri yo, pandan moun sa yo achte plizyè kay pou lwe moun nan Florida tankou nan yon vil yo rele Naples, demagòg sa yo ap dekouraje prezidan Président Jovenel Moïse​ , chache minimize’l deske li ap mache nan chantye ak anplwaye CNE yo.

Pa okipe yo! Se wont y’ap fè sèvi kòlè. Paske sa n’ap viv la se rezilta plis pase 25 lanse yo pase sou pouvwa.

Si jodi-a, anpil pitit peyi-a ap kouri kite’l se rezilta plis pase 25 lane gouvènman politisyen sa yo. Yo mete anbago sou peyi-a, mande okipasyon militè meriken, kraze lame vann avyon yo bay dominiken, detri tout sa yo jwenn — lavi ak byen moun sitou jounalis, bwote ale tout ti kòb yo jwenn. Alòske yo rive jwen pwojè TET KALE te fè jis pou y’ap mennen ankèt, apre 25 lane pèsonn pa wè sa yo reyalize nan peyi-a. Apa “TOU 2004” devan Palè ak “MA DRAPO” ki kanpe sou pis avyasyon nan Delma, Pwojè moun sa yo pagen tras.

Yo tout reyisi san pèp la!

Pou nou soti nan sa nou ye la, solisyon an rete nan manèv Prezidan Jovenel ap fè pou’l resantre ekonomi peyi-a sou agrikilti, sou ekonomi riral, pou nou sispann ak ekonomi achete gagòt sou frontyè oubyen mache mande nan konferans entènasyonal.

Mwen kwè nan estrateji sa !

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
23 dawout 2017
WhatsApp: 509-3686-9669
@reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr

https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478.1073741826.170678274477/10156661112149478/?type=3

Aucun commentaire: