samedi 8 juillet 2017

#HAITI : KONSÈY POU TOUT MILITAN K’AP SIBI ENGRATITID !

#HAITI : KONSÈY POU TOUT MILITAN K’AP SIBI ENGRATITID ! (Teks Cyrus Sibert)

Gen yon solisyon senp pou tout kandida ki pa rekonèt enpòtans militan ki goumen bò kote yo pou yo jwenn pouvwa : Si lè w kanpe bòkote’l, li pa konprann sa, si li pa rekonèt enpòtans w, ebyen l’ap konprann sa lè w kanpe anfas li. Nan moman sa, li pa fouti inyore fòs de frap w.

Peyi-a te viv sa nan lane 90 lè Gérard Pierre-Charles ak yon banm militan kite akonpaye Aristide, te oblije kanpe anfas li, paske li te blye se nan yon Repiblik demokrasi lap viv, sepa nan yon wayòm kote se sèl li ki chèf.

Gen anpil militan k’ap ekri’m pou eksplike’m fristrasyon yo deske okenn moun pa konprann enpòtans yo. Y’ap plenyen deske se engratitid “La reconnaissance est une lâcheté” François Duvalier a y’ap rekòlte apre tout goumen ak mizè yo pase nan eleksyon.

Nan koze sa, m’ap di : Kòm Prezidan Jovenel pwomèt chanjman ak KARAVAN CHANJMAN, kòm l’ap travay san rete pou bay rezilta, konsèy mwen nan moman sa se rete gade, pote kole, pou bagay sa bay rezilta.

Paske li p’ap bon ditou si yon militan konsekan komèt erè leve kanpe devan lide pozitif. Se vrèman lèd si yon militan konsekan konplote pou fè echwe yon aktivite ki ka pozitif pou pèp la.

Nan sans sa, menm lè anpil militan ka panse map defann kòpotman prezidan Jovenel, map di yo dwe pote kole, nan limit yo bay yo pou bagay yo reyisi. Enterè peyi-a avan enterè pèsonèl.

Apre sa, li patap twòp difisil pou demontre pouvwa sa, fòs de fwap militan yo.

Men, Ayiti telman nan mizè, li pabon ditou pou se militan konseka ki reskonsab echek yon tantativ devlopman. Pa komèt erè Moise Jean-Charles ak 6 senatè opozisyon sou Martelly ki te bloke lwa FNE, ki se yon bon bagay pou voye pitit pèp-la lekòl.

Apre sa, militan pakon’n dezespere. Lè tout moun ap pete kouri yon bout distans, militan kouri long distans, maraton.

Pagen rezon pou nou dekouraje. Engratitid nan politik se tankou yon nèg kap meprize yon fanm kap dòmi nan do’l. Depi misye pa konprann enpòtans fanm l’an, se nòmal pou yon lòt gason pase pran’l, repare’l, fè’l klere, epi fè tèt li cho.

Si kote’w kanpe-a yo pa konprann enpòtans w, y’ap konprann li lè w anfas yo. Sèl bagay, toujou bat pou’w nan yon kan pwogresis ki ka chanje sitiyasyon peyi-a.

An atandan, mo dòd la se : Pote kole, yon fason pou yo pa bay nou pote kòz okenn echèk! Apre sa prepare nou pou batay chanjman an kontinye.


Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
7 jiyè 2017
@reseaucitadelle
WhatsApp: 509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr

https://web.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478.1073741826.170678274477/10156472962704478/?type=3

Aucun commentaire: