mercredi 7 juin 2017

#Haiti : Mobilisation citoyenne contre les juges et les commissaires corrompus.-



#Haiti : Mobilisation citoyenne contre les juges et les commissaires corrompus.- [Message Video]

Si sitwayen yo pa leve kanpe kont jij ak komisè gouvènman kòwonpi kap libere bandi kriminèl ke lapolis arete ak bonjan prèv, pap janm gen sekirite nan peyi d’Ayiti. Peyi nou bezwen yon gwo mouvman sitwayen pou mete presyon sou jij ak komiseè gouvènman kap libere bandi epi vyole dwa malere ki viktim. Li klè fòk gen yon kokenchenn mobilizasyon nan tout peyi-a, yon gwo mouvman sitwayen kont jij ak komisè gouvènman kòwonpi.

Bagay yo rele CSPJ a pa itil peyi-a anyen. Se chak jou enspeksyon jeneral lapolis #PNH ap revoke polisye pou kòwipsyon, fè vetting, voye yo jije paske yon nan move zafè, w pa janm tande CSPJ fè anyen kont pil jij kòwonpi li yo.

Fòk pèp la bay yon pinga ak vye jij ak komisè kòwonpi kap kenbe malere ki vole patat nan prizon pandan yap libere bandi kriminèl kap kidnape epi touye moun san gade dèyè.

Bagay kap pase nan lajistis Ayiti telman santi, pagen bouch pou pale. Li lè li tan pou yo evalye CSPJ ki pa janm bay rezilta. Si enstitisyon yo refize fè travay yo kòm sa dwa, se nòmal pou sitwyen yo mobilize paske yo paka chita ap kontinye konte kadav. Ayiti pa byen prive bandi kriminel ak jij kòwonpi.

Jounen jodi, fòk chak moun chache kan yo : KAN BANDI oubyen KAN MOUN DE BYEN KAP TRAVAY DI POU AYITI VANSE.

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
7 jen 2017
reseaucitadelle@yahoo.fr
@reseaucitadelle
WhatsApp: 509-3686-9669
https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/videos/10156341702769478/

Aucun commentaire: