jeudi 16 février 2017

Peyi-a telman fini, yo mezire tout bagay ak lajan. Sa se rezilta dega trafikan dwòg fè nan sosyete-a.-

Mwen pral gen 45 lane 10 me kap vini la; LaurentLamothe #LL pral gen 44 nan mwa dawout. Pou mwen menm, #LL se yon ti fè ke lougawou vle manje paske li entèlijan, paske li fò lekòl, paske lap fè gwo mwayèn, paske li toujou premye nan klas li.
Mwen pap janm defann li si li fè sa ki pa bon. Men mwen pap kite yo detri'l san rezon. Mwen pa fè sa sèlman pou li, men pou peyi d'Ayiti. Paske devlopman paka fèt san moun ki kapab.
Lè yo akize Laurent Lamothe nan laprès, premye reyaksyon li se explike'm koman bagay la ye tout bon epi voye dokiman prèv ki montre se manti. Se konsa noun travay. E jiska prezan, li toujou gen rezon paske li toujou pwouve ak bonjan prèv ke se manti.
Tout moun ka wè kòman mwen fè respè'm, kòman mwen evite lajan leta se dekwa pou'm toujou gen "la lwa dyòl mwen" jan yo di sa. Ane 2016 ki pase anpil lenmi te sou pouvwa. Sa pat anpeche nou goumen paske nou pagen zanno kay òfèv. Pagen okenn dosye yo te ka itilize kont nou pou fòse nou fèmen bouch nou. Se konsa nou ye nan @ReseauCitadelle. Nan sans sa, nou pa manje pwa, nou pap bay lapire pou pèsonn.
Mwen ase entelijan pou'm konnen travay relasyon piblik vo anpil lajan; defanm imaj moun, yon ansyen premye minis ki anplis se yon gwo biznisman entènasyonal ki pa razè ditou ta dwe koute anpil lajan. Nou pa ta dwe razè pou ti monnen. Men bagay la se pa koze lajan. Se yon dezisyon pou defann epi pwoteje moun ki entelijan, ki konn travay, ki ka travay, ki gen kontak, ki konnen moun tout kote nan mond lan yon fason pou bay rezilta. Sepa ti raketè kap chache pouvwa pou volè 5 kòb yon leta pòv tankou peyi d'Ayiti.
Moun ki doute de sa nou di la, lè yo va nan ekran rada RESEAUCITADELLE ki gen ti non gate BOMBADYE B52, paske yo fè move zafè, ya va wè si gen lajan kap ka kanpe nou oubyen si gen yon moun nan peyi sa kap ka pase nou lòd kite sa. Yon moun ka konvenk nou, men pèsonn moun paka pase nou lòd. Nou fè respè nou pou sa.
Se chak syèk Ayiti bay 2 ou 3 moun tankou Laurent Lamothe. Menm jan nou ka wè koman li difisil pou nou jwen yon seri de jeni tankou Dessalines, Christophe, Toussaint, Pétion. Yon peyi pòv tankou Ayiti pagen resous pou pwodi potorik gason sa yo chak jou. Si yon moun renmen Ayiti, w dwe ka idantifye moun ki kapab, kreye espas pou yo, epi pwoteje yo.
Gen anpil lòt moun konsa nan chak sektè nan peyi-a. Nou pa dwe rayi yo, ni chache detri yo. Pa kite jalouzi fè nap detri moun entelijan ki ka sèvi peyi-a epi bay rezilta.
Nou ka wè vid Langichat debòdus kite, Ansy Derose ak anpil lòt atis. Sepa chak jou wap jwenn fanm tankou Minis Stephanie nan touris, Madan Marie Laurence Lassègue nan Kondisyon fanm, Suzy Castor nan OPL, madan Marie Carmelle Jean-Marie nan finans, Madan Duvivier Pierre-Louis FOKAL/Primati.
Nou gen dwa pa dakò ak tout sa moun sa yo fè, yo gen dwa pa gen menm ideoloji politik ak nou, men nou paka ap detri moun ki kapab nan yon peyi ki deja pagen moun konpetan pou ede'l vanse. Nou dwe pran konsyans de move trètman nou te bay de moun tankou Leslie Manigat, Marc Bazin, Hubert Deroncerey, Leslie Delatour, epi evite pou'n pa refè sa ankò.
Se sa nou wè Youri Latortue tap chache fè ak koze ankèt PetroCaribe a. Detri tout moun pou li sèl kòk chante nan savann nan.
Bagay sa pa nòmal. Nou dwe defann moun ki kapab bay rezilta. Nou bezwen anpil moun ki ka bay rezilta pou kreye yon mas kritik nan lide fè Ayiti vanse.
Palman Aysyen an pake kontinye ap bloke plis pase 100 ansyen minis ak ansyen premye minis, retire yo nan lavi politik ak administrasyon leta. Bagay sa kreye yon boulva pou yon bann moun san fòmasyon ni experyans ki ap anvayi espas vid yo. Bagay sa lakòz ke tout moun ki kapab ap refize djòb minis ak premye minis pou lavi yo pa tounen yon lanfè kote yo paka vann byen yo menm pou ka maladi paske byen yo bloke epi tou yo paka kandida paske yo pagen dechaj. Yon sityasyon ki kreye yon vye lide ke depi yon moun te minis oubyen premye minis w te nan fè sa ki mal.
Gen egri ak jalou ki kontan bagay sa epi twouve sa bon pou yo detri moun ki reyisi kote yo echwe, nou menm nou panse, fòs yon peyi se tout moun ki kapab epi ki gen experyans pou defann li.
Cyrus Sibert, Okap, 16 fevrye 2017 // reseaucitadelle@yahoo.fr
@reseaucitadelle // WhatsApp: 509-3686-9669

Aucun commentaire: