vendredi 24 février 2017

MEZANMI ANN FÈ YON BAGAY POU EDE-PÈP LA.-

Bagay yo difisil anpil pou pèp la. Lajan pa sikile, tout pri monte bwa akòz enflasyon 15%. Politik "Cash Management" ekip Privert a fini ak pèp la. Dola monte, pri yo wo anpil. Moun w pata panse ap pase plizyè jou san manje. Fòk Prezidan Jovenel Moise lanse prese prese kèk ti pwogram pou soulaje pèp la.
Asenisman nan lòd, "Cash for work", restoran kominotè, panye solidarite. Dwe gen yon bagay ki fèt pou lajan desann prese prese nan katye ki pi pòv yo pou sipòte pouvwa dacha mas pèp la.
Nou konnen sa paka rezoud problèm ekonomik fondamantal yo, men moun ki pi pòv yo paka ap mouri grangou paske yo pa jwen asistans. Se devwa nou pou nou asiste yo.
Menm lè tout moun konnen ke sityasyon sa se konsekans politik destabilizasyon opozisyon, gaspiyaj 120 milyon dola nan refè eleksyon, jodia moun kap dirije yo dwe voye je gade pèp la.
Si desizyon Presidan Privert ak minis finans li an pou rantre nan CASH MANAGEMENT ki vle di leta ap depanse sèlman sa li genyen kòm resèt pèmèt yo stabilize yon seri de faktè macro ekonomik, bagay sa se yon desizyon egoyis ki pa konsidere mas pèp la. Dayè depi Lamothe kite pouvwa, politisyen tradisyonèl kanpe tout pwogram sosyal yon fason pou yo jwen lajan pou separe antre yo sou fòm Kado anonim e latriye.
Cyrus Sibert, Okap, Ayiti // 24 fevrye 2017
reseaucitadelle@yahoo.fr // @reseaucitadelle // WhatsApp: 509-3686-9669

Aucun commentaire: