jeudi 26 mai 2016

Lamothe gen kontwòl dosye li. Nou pap kite yo sal imaj li ak kontra 2010.-

Depi desanb 2014 tout moun ka wè anpil bagay kanpe. Li toujou pi fasil pou voye monte pale anpil. Ti sa nou te wè yo sete rezilta travay lajounen kou lanwit, pedi nwit, pa manje, abandone tout moman lwazi ak plezi. Ayiti pa yon peyi fasil! Pou reyisi bay yon ti rezilta fòk w travay san pran souf. Advèsè tap akize pale kowipsyon? Se la nou tap tann yo. Paske si Lamothe tap jere, li gen kontwòl dosye li. Manèv rale kontra depi 2010 mete sou do li pap pase. Nap di tout patizan chanjman rete Tèt frèt! Anplis ke nou bay bon rezilta nan jere peyi a, dosye nou korèk. Lè voye monte fini epi dosye ap analize, nap pote prèv pou verite blayi. Nou pap kite yo blaze ti KOUT FLASH ki te montre jenn yo ke Ayiti ka chanje si gen volonte, konpetans ak detèminasyon. #FokTravayLaKontinye

Aucun commentaire: