vendredi 22 avril 2016

Haiti : New DKW-Lumière Rouge avec Me Danton Leger! Radio Kiskeya supporte-elle l’arbitraire????

Mezanmi sak ta di sa! Jounen jodia jounalis tankou Liliane Pierre-Paul @radiokiskeya ki te viktim zak represyon abitrè sou diktati Duvalier, ap aplodi chèf represyon Danton Leger. Jounalis Liliane ke yo te voye an egzil sou Jean-Claude Duvalier pa kapab aplaudi desizyon ilegal abitrè Mèt Danton Leger kap aplike yon strateji fòse yon sektè ekonomik ak politik kite peyi-a, ale an egzil. Politik entèdiksyon depa sa kont yon seri de moun ki gen aktivite nan peyi a ki vle di toujou a dispozisyon lajistis, se yon fason pou kreye kè sote tankou nan tan Divalier lè machin DKW limyè wouj Tonton Makout tap mache ranmase moun lannwit. Li vize fòse anpil lòt patizan Tèt kale ki kite diaspora rantre nan peyi Dayiti retounen lakay yo. Tout moun konnen GroupDeBourdon/INITE/Verite kidonk tradisyonèl retwograd enpòtatè ki kwè nan monopòl epi derefize envèstisman etranje ak pwodiksyon nasyonal kap fè politik ak Préval yo pa vle aysyen sot lòt kote vini fè konkirans ak yo.

____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: