mardi 1 mars 2016

Stanley Lucas ap defann lide sa yo lontan avan Martelly.-

Moun kap di Stanley Lucas tap fè propagann pou Martelly pra’l wè si lap sispann goumen kont Anakopopilis ak Monopòl-Gwoup-de-Boudon. Stanley Lucas toujou ap defann lide santris ki pa dakò vyolans politik anachis Lavalas yo, ki kreye gwo tèt chaje pou ekonomi peyi-a, fè moun pè envesti epi anpeche jèn yo jwenn travay ak opòtinite. Se pozisyon Cyrus Sibert tou. Se nòmal pou nou te kore Martelly ki tap ale nan yon lòt direksyon ke sa nou tap viv depi 1990. Nap defann lide sa yo lontan avan Martelly. Kidonk se TET-KALE ki vini jwenn nou. Yo mèt tann pou yo wè si nap janm defann pouvwa anakopopilis yo. Stanley Lucas telman pa opòtinis, li defann TET-KALE ak tout yo toujou bare wout chak fwa non li site pou pòs minis. Menm lè nou pa toujou dakò sou tout bagay, nou te toujou defann ti chanjman kap fèt yo. Sete yo strateji pou rive pi lwen nan Eta de dwa nap chache-a. Lavni pral demontre nou te sou pi bon wout ak Martelly. Kontradiksyon yo kòmanse eklate, trou manti pa fon. Zòt pap di’w : Depi Laurent Lamothe kite pouvwa bagay yo ap degrade. Li pat fasil pou jwenn ti rezilta nou te wè yo!

Aucun commentaire: