mardi 1 mars 2016

Si se yon chèk administratif Stanley yo pran pou detri’l, konnen li pagen move dosye.-

AlaPay! Anakopopilis ki toujou ap pale de kòripsyon paka repwoche Stanley Lucas anyen ki mal. Yo pa wont piblye yon chèk leta pou entimide Stanley, fè chantaj pou’l  sispann pale, kòmsi resevwa yon chèk leta pou travay li fè se yon peche. Se konsa nèg sa yo ye. Yap akize’w pandan yap fè menm bagay avè’w pafwa pandan yap vole. Pandan nèg yo ap anvayi leta ak Konseye nan Palè yo vle fè moun kwè konseye ak konsultan Martelly yo koupab paske yo te resevwa chèk leta pou travay yo. Jan nèg sa yo rayi Stanley, si se yon chèk administratif yo oblije piblye, konnen Stanley se yon nèg onèt ki pagen move dosye.

Aucun commentaire: