samedi 13 février 2016

Senatè Jocelerme Privert pa gen dechaj pou’l ka kandida pou pòs Prezidan.-

Gwoup Senatè manda yo ap fini nan mwa novanm 2016 deside pran pouvwa egzekitif la nan magouy ak kou deta. Yo vle mete Privert Prezidan ak tout li pa gen dechaj pou pòs minis interyè nan lane 2002-2004. Menn jan ak tout ansyen minis pat kapab poze kandidati yo pou dechaj, Privert paka patisipe nan yon eleksyon kote yo mande dechaj. Chanm depite pajanm bay li dechaj. Sènatè yo pral vyole pwòp lwa elektoral yo epi mete Jocelerme Privert Prezidan Pwovizwa san dechaj. Se Prezidan Martelly ki tap pran pòz demokrat pase tout moun, chita pèdi tan nan negosye pouvwa ak yon pakèt demagòg. Politisyen tradisyonèl nan peyi d’Ayiti pa konn fè bak devan pouvwa.


Aucun commentaire: