dimanche 14 février 2016

Sèl TETKALE kapab konbat politisyen tradisyonèl epi genyen eleksyon sou Lavalas.-

Hummm! Bay Lavalas koròm se sèl sa  yon seri pati politik toujou fè. Menm nan palman an yo paka genyen yon eleksyon. Yo tout tap konbat Martelly paske yo jalou, alòske se sèl Martelly kite ka ede yo ranpòte yon eleksyon. Yo tap repete di yo pap obeyi Martelly, jodia yo oblije obeyi #Lavalas #INITE #Boujwazi. Sauveur Pierre-Etienne, OPL, gentan ap plenyen. Ideològ-GNB-Reprezantan-laprès-anti-Martelly/Blofè-nouvo-kontra-sosyal yo tap goumen pou felisite nouvo Prezidan provizwa, chache fè foto ak li. Yo pral oblije kontinye obeyi #Lavalas. Pèp la ap fini pa konprann ke se sèl #TETKALE ki ka ede peyi-a soti nan anakopopilis vyolan epi vanse pou pi devan ak pwojè konkrè. Sèl TETKALE kapab konbat politisyen tradisyonèl tankou Préval/Gwoup Bourdon/Lavalas.

Aucun commentaire: