mardi 23 février 2016

Prezidan Privert reziye’l ak kontrebandye yo:

Prezidan Privert reziye’l ak kontrebandye yo: Pandan li deklare kès Leta vid, Privert reyalize li pap ka ogmante resèt ladwann ak DGI, li prefere diminye kantite ministè yo. Ki vle di anpil anplwaye leta pral pèdi djòb yo. Sa se yon politik ladwat yo rele osterite. Nèg ki tap akize Martelly extrèm dwat deside aplike politik bout di rediksyon depans leta ke lagoch ap konbat. Privert pral gen problèm ak militan yo te pwomèt djòb yo. Tout moun konnen gwo kontrebandye Petionvil ki prefere enpòtasyon kap kraze pwodiksyon nasyonal tap sipòte manifestasyon ak eleksyon Privert. Jodi-a kontrebandye ap tire kòb yo, pèp la ak militan yo dwe tann. Aprè EDE-PÈP, se lekòl gratis ki sou wout kanpe. Pwofesè lekòl ak lòt fonksyonè ki tap mobilize, oblije tann. Fòk agrikiltè aysyen yo tann.


Aucun commentaire: