vendredi 26 février 2016

Pèp la ap gade pouvwa tranzisyon daso-mann Privert a. Lap tann eleksyon pou ba yo yon leson.-

Pouvwa tranzisyon sa sanble ak daso-mann ki profite entèmèd pou rantre nan bal, oubyen kap tann yo lage pòtay pou rantre nan match foutbòl. Tout nèg kap profite tranzisyon sa, se daso-mann ki rantre nan entèmèd kap pale fò pran pòz yap mennen. Mwen chwazi pa konbat Fritz Jean paske se yon nèg provens, ki rete Sainte-Suzanne ki fè anpil bagay pou provens. Menm lè yo te konbat Jovenel/NègBannann, mwen pap rann yo mal pou mal.  Sel sa map di : Menm jan Préval te sakrifye Erick Pierre, nominasyon sa sanble ak yon sakrifis. Mwen swete Prezidan Privert gen yon majorite Depite pou sipòte’l. Nan Nò peyi-a moun yo di : si #Jovenel se Bannann, Martelly se yon Triyal, w paka kraze’l wap oblije vale’l. Randevou eleksyon!


Aucun commentaire: