dimanche 14 février 2016

Nou Salye eleksyon Jocelerme Privert. Nap tann rezilta aplikasyon akò 5 fevrye a. Nap tann eleksyon !!!

MO DÒD! An bon demokrat, nap salye eleksyon Jocelerme Privert, menm lè nou pa gen menm pozisyon politik avè’l. Se vre nou pa dakò Sena-a kenbe pouvwa nan fè kòken sou pyès dechaj menm jan nou te wè koman Komisyon prezidansyèl te mete manb li Evans Paul Premye minis nan plas Lamothe. Bagay sa kapab kreye move egzanp. 1- Yon pouvwa kapab toujou bloke yon lòt pouvwa jiskaske li bay li pataswèl. Palman bloke eleksyon kreye vid pou pran Kontwòl Palè Nasyonal. 2- Depi w bay yon gwoup moun Ayiti rezoud yon problèm, se pou tèt-yo yo travay. Malgre sa, nap salye eleksyon Jocelerme Privert. Nou pa tankou opozisyon tradisyonèl ki toujou kondamne avan yo wè rezilta. Nou pap fè menm sa yo te fè Martelly an 2011. Nap jije Privert sou rezilta aplikasyon akò 5 fevrye a. Nap tann eleksyon!

Aucun commentaire: