mardi 2 février 2016

Menm jan Madam Liliane rekonsilye ak Lavalas, lap gen pou rekonsilye ak Martelly.-

Mwen vrèman regrete vye polemik #Martelly/ #LilianePierrePaul la. Mwen pa wè ki sa lap itil peyi a. Prezidan pat bezwen rive la. Bagay sa parèt twò pèsonèl, epi sanble zafè moun Kapital kite abitye viv ansann epi ki gen problèm yo. Pou jan mwen wè Madame Liliane atann li jodia ak Lavalas kite voye katouch bay li nan anvlop, pou jan mwen wè li byen ak Moise Jean-Charles, mwen pap sezi si yon jou li rekonsilye ak Martelly. Jou sa, ni Madam Liliane ni Prezidan Martelly pap kontakte'm pou mande'm sa mwen panse.
Sèlman, sou entèvansyon li fè jodia, map di, Madam Pierre-Paul di laprès etranje pagen dwa bay laprès peyi d'Ayiti leson, epi tout swit apre li pran editoryal jounal Miami Herald ki se yon Jounal ke Ara Kuzban ki se avoka Aristide ap dirije kòm manb konsèy administrasyon epi li vle prezante sa editorial la di a tankou se levanjil. W paka di la près lòt peyi paka bay laprès Ayiti leson epi pou'w panse yo kapab bay pèp Ayisyen leson, atake Prezidan Aysyen. Mwen pajanm tande media peyi d'Ayiti atake yon Prezidan Ameriken. Se bagay sa yo mwen pa dakò, nou paka ap preche kont yon bagay epi fè menm bagay sa lè li bon pou nou. Gen twòp ògèy ak espri vanjans lè nap analize bagay yo nan peyi d'Ayiti. Bagay sa yo fè nou aji tankou demagòg.
[Audio - Commentaire de Madame Liliane Pierre-Paul] Liliane Pierre Paul Radio Kiskeya - Repons pou Kanaval Sweet Micky a

Aucun commentaire: