vendredi 12 février 2016

#Haiti-Pédophile : Yon Avoka meriken di timoun peyi d’Ayiti predispoze pou yo abize yo.-

Ayiti-Pedofil : 21 desanm 2010, yon avoka meriken deklare nan yon tribinal Connecticut “Ayiti se yon peyi sal, ki gen anpil mikwòb, pagen ijyèn se kolera, anpil maladi ak yon pèp mizerab, pòv, san edikasyon, kote se anachi. Kidonk, si yon sitwayen meriken ale nan peyi sa pou ede, menm si li rantre nan fè bagay ak timoun, lajistis meriken dwe konsidere sa pa twò grav, paske timoun nan peyi  d’Ayiti ak tout fanmi yo (predispoze) ap chache sa. Se anviwònman yo ki lakòz blan meriken an fè sa.” Lè sa, jij fanm meriken an di avoka-a: “Sispann ensilte pèp Aysyen an.” Epi jij la kontinye pou di: “Mensi yon moun ta va rive nan yon dezè epi fè yon pi pou moun jwenn dlo, si kelke jou apre li mete pwazon nan dlo sa, bèl aksyon li te fè-a pagen okenn sans.” Dlo te koule nan zye’m lè’m te tande pawòl avoka sa. Anpil, Aysyen ki te nan tribinal la te pran kriye. Jij la kondane Douglas Perlitz poul pase 20 lane nan prizon. (Cyrus Sibert, @ReseauCitadelle). 


Aucun commentaire: