jeudi 25 février 2016

Depi kilè yon pouvwa konn vole eleksyon pou se opozan li ki kontrole Palman? Ala Pay!

Nèg isit gen odas pou yap di PHTK ak Martelly vole eleksyon 9 aout ak 25 oktòb 2015 yo. Tandiske se nan goumen tanpri souple pou PHTK monte yo majorite nan chanm depite-a. Nan Sena Repiblik la, PHTK ak Alye li yo minoritè. Se VERITE/LAVALAS kap byen mennen mete Prezidan pwovizwa epi enpoze Premye Minis. Depi ki lè yon pouvwa konn fè kou deta elektoral pou se opozisyon ki gen majorite nan mwens ke yon mwa apre palman monte? Mezanmi sispann bay manti detri moun san rezon nan peyi d’Ayiti. Sa kap pase nan palman an demontre aklè TET KALE pat vole eleksyon.


Aucun commentaire: