jeudi 28 janvier 2016

Koman pou’w sipòte demokrasi ak yon Smartphone?

Fè foto ak video tout zak vyolans w wè epi poste yo sou rezo sosyo yo. Anachis yo pral chache fè vyolans lage sou do moun ki kont tranzisyon. Se pou nou chache idantifye bandi yo. Voye foto ak video sak vyolans yo fè bay www.facebook.reseaucitadelle oubyen sou whatsapp: 509-3686-9669
Pa bliye rezon KEP Opont an bay pou kanpe eleksyon yo se “twop zak vyolans”. Patizan koudeta tranzisyon pase 5 lane ap fè vyolans pou anpeche Prezidan Martelly dirije epi bloke li pou’l pa reyisi eleksyon. Lemond antye kondane zak vyolans sa yo ke se sèl Makout epi Teyoris Afganistan ak Irak konn fè pou anpeche eleksyon fèt. Bagay sa lèd pou patizan tranzisyon yo kap di yo se demokrat epi ki bay yon move imaj de kijan yo fè politik nan peyi-a.

Jodi-a dosye sa devan lemond. OEA, CELAC ak ONU se òganizasyon kap swiv dosye-a. Yon komisyon OEA ap rantre nan peyi-a.  Fè foto ak video tout zak vyolans w wè epi poste yo sou rezo sosyo yo.


Aucun commentaire: