vendredi 25 décembre 2015

Ameriken ki viktim pedofil salye travay Lakou Dapèl peyi d #Haiti.-

TOUT VIKTIM SE VIKTIM : Sitwayen meriken nan vil Boston ki te viktim abi seksyèl lè yo te piti salye desizyon Lakou Dapèl Port-au-Prince nan peyi d' #Haiti pou'l chache tout ti detay sou sa ki te pase nan ofelina Saint-Joseph ki nan Delma 91. Bagay sa pa nòmal! Nan peyi Etazini, yon ofelina konsa patap ka kontinye fonksyone, ONG www.HeartsWithHaiti.org patap ka enpoze sosyete-a aksepte Michael Geilenfeld yon ansyen frè legliz ki rekonèt ke timoun gason akize li plis pase 7 fwa pandan 30 lane ki pase yo pou abi seksyèl... devan jij enstriksyon Al Duniel Dimanche li rekonèt ke li se masisi ki vle di se ak gason li fè lanmou.
Ansyen viktim meriken yo kontan deske gen Aysyen ki deside pwoteje timoun peyi d'#Haiti . Gras a Mèt Emmanuel Jeanty pwosè ap vanse ak resous tè d #Haiti . Menm jan Toussaint Louverture yon afranchi te kanpe pou defann libète esklav nwa yo, Mèt Jeanty ak zanmi avoka li deside kanpe bò kote viktim yo. 
Ayibobo pou Lakou Dapel Port-au-Prince ki pa pran nan manèv avoka akize-a kap chache entimide ak dekouraje viktim yo nan objektif pou yo pa rakonte jij peyi yo sa yo te sibi nan ofelina Saint-Joseph. 

Si peyi nou #Haiti gen yon istwa abi ak explwatasyon seksyèl depi nan tan lesklavaj kote kolon tap monte moun jan yo vle, nou sèmante 77 fwa 7 fwa fòk bagay sa fini. Nap fè tout moun konnen lesklavaj aboli sou tè sa de 1792 apre seremoni Bwa Kayiman ak revòlt sansèt nou esklav yo, oganizasyon pedofil NAMBLA pap ka kenbe timoun peyi d #Haiti nan esklavaj seksyèl.

=============
Lisez : Liens entre l'orphelinat Saint-Joseph et l'organisation NAMBLA:
Cyrus Sibert invite les avocats haitiens de Michael Geilenfeld à se resaisir...cessez vos mensonges et intimidations!
http://www.reseaucitadelle.blogspot.com/2015/12/cyrus-sibert-invite-les-avocats.html
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
 
But you can't fool all the people all the time."
 
 (
 
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
 
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: