mercredi 9 septembre 2015

Moise Jean-Charles change de classe sociale : Bay bay Moise... JAKO de Daly Valet !!!


@SenateurMoise Jean-Charles tounen pòt pawòl klas moyènn. Li guentan trayi mas pèp la ak peyizan yo. Jounen jodia, Moise pa di 2 mo san li pa pale de Klas moyènn. An Ayiti depi w tande yon nèg politik ap pale de klas mayènn konnen se de ti klik entelektyèl enpwodiktif nan kapital potoprens, ti arivis tulu tutu chopo pwentu ki kontwole administrasyon piblik la ak leta pou vole piye epi pran pòz gran nèg, ti boujwa, sou do pèp la. Yo renmen privilèj san yo pa bay sèvis… 

Menm si guen yon ti kantite moun serye nan klas mwoyènn nan kap travay di, bourike nan leta, lekòl, lopital ak ONG, moun sa yo paguen vwa o chapit. Nan politik se atoufè klas mwoyènn nan kap mennen.

Moun sa yo se yon bann parazit ki pa janm kreye anyen nan peyi a men kap viv sou do mass pòv yo kap travay di tout lajounen. Yo toujou la pou explwate pòv yo nan vòlè tè malere, bay yo kout ponya, pran rekòt kafe ak kakawo nan men yo pou piyay.

Moun sa yo pa zanmi desantralizasyon. Yo toujou wè nèg pwovens tankou esklav yo, vil pwovens se kote yo kapab jwenn restavèk, gason lakou… konrespondan. Moun sa yo toujou ap chache pran pouvwa sou divizyon klas, chache manipile pèp la, divize peyi a ak sosyete a. Se menm moun sa yo kite sipote Duvalier nan lane 57. Lè sa yo te divize peyi a sou zafè koulè Nwa kont Milat. Apre sa Duvalier fizye yon bann nan yo oubyen arete yo mete yo nan prizon Fò dimanch. Anpil inonsan viktim diktati sa opòtinis klas mwoyèn nan te ede mete kanpe. Yo rapòte ke Daly Valet se pitit yon kolaboratè Duvalier nan palè. Li konnen byen sa la fè la.

Nan lane 1990, klas mwoyènn sa te detounen mouvman popilè-a nan divize peyi ak yon kesyon Makout/ Lavalas, Nèg anwo kont Nèg anba, wòch nan dlo kont wòch nan solèy. Yo toujou a la baz zak vyolans kont vodouyizan, dechoukaj ougan, paske yo pran pòz yo pa nan zafè lwa. Yo ipokrit!

Jodia yap chache divize peyi-a ant Pitit Dessaline ak Pitit Petion. Se nan divizyon pou yo viv. Yo pa janm pwodi anyen ki serye nan peyi a. Yo kenbe inivèsite a an otaj, chita ap pale franse san yo pa fè anyen pou akonpaye mas pòv yo ak peyizan yo. Se chita pale franse tankou Zabelbòk oubyen gwo entelektyèl Maurice Sixto prezante nan Sentaniz kap li nan gwo liv san li pa wè reyalite pèp la.

Yo pap plante yon pye patat, yo pap gade yon poul, men bouch yo dou, yo renmen bon manje.

Jodia Moise Jean-Charles trayi klas peyizan ak baz popilè yo pou’l defann klas moun sa yo ki se veritab baryè pou peyi-a vanse.

Nan peyi Bolivi, Evos Moralès pa janm trayi endyen (indien) yo. Yon politisyen konsekan paka trayi klas moun kote li soti. Se sèl anganman ki chanje koulè fasil konsa!

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti 
9 Septembre 2015
@reseaucitadelle
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: