jeudi 1 janvier 2015

Martelly konvoke Palmantè yo an Asanble Nasyonal !

BY  ON
martelly gonayiv
Bon! Bagay yo pa nan jwèt ankò! Prezidan fin fete ak djaz « Sweet Micky » li nan peryòd nwèl la.  Koulye a, se bagay serye.
Depi anvan minwi sonnen 31 desanm nan, prezidan Michel Joseph Martelly te voye yon mesaj bay prezidan sena a, Simon Dieuseul Desras pou li mande li pou reyini tout depite ak senatè prese prese nan jou ki ap samdi 3 desanm nan.
Jodia, premye janvye, li te Gonayiv e li di « Sa se twòp! ».
martelly premye janvye flor
Mensi prezidan Martelly te konvoke palmantè yo an Asanble Jeneral pou samdi 3 janvye a, malerezman, anpil nan yo gentan ale nan zòn kote yo soti pou al fete ak fanmi yo, epi moun ki te vote pou yo. Se pousa, Prezidan kò lejislatif la, Simon Dieuseul Desras voye dat ouvèti asanble nasyonal ekstrawòdinè a pou lendi 5 janvye 2015.
martelly premyejanvye
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: