mardi 30 décembre 2014

Kisa yon oganizasyon pedofil pederas tap fè andedan ofelina Sen Jozèf Delma 91???.-

Eske w dakò pou oganizasyon pedofil meriken ki rele NAMBLA (North American Man and Boy Love Association) kontinye fè pwomosyon zak seksyèl masisi ant Granmou ak Ti gason nan peyi Dayiti?

Sou sit intènet NAMBLA nou dekouvri ke Ofelina Sen Jozèf nan Delma 91 se baz òganizasyon pederas ak depofil sa nan peyi Dayiti. NAMBLA kolekte lajan pou ofelina ke Michael Geilenfeld ap dirije nan peyi Dayiti epi tou lajistis Etazini dekouvri gen moun NAMBLA ki konn desann nan ofelina sa. Wap ka wè enfòmasyon sa yo nan yon atik ki pibliye sou sit :http://reseaucitadelle.blogspot.com/2014/03/haiti-liens-entre-lorphelinat-saint.html

Mezami... koman w konprann pederas kap fè promosyon pedofil desann nan kay ofelina kote ti gason nan lari ap dòmi? Sak pi rèd la, depi 1991 ti gason nan kay sa ap denonse abi seksyèl yo sibi...

Se sak fè nou dwe sipote tout timoun ofelina sa ki di yo viktim zak seksyèl nan kay sa. Jenn yo akize direktè ofelina-a ki rele Michael Geilenfeld ki guen ti non gate Michèl....Yo di li te vyole yo. 

Depi lane 1990 jenn nan kay Delma 91 ap denonse abi seksyèl yap sibi. Yo denonse sa plizyè fwa Ozetazini ak an Ayiti. Yo te menm ale nan TNH pou denonse abi sa yo. Inyorans ak koripsyon fè yo pat janm ka jwen jistis. 

Se konsa an 2014, gras a gwo pwogrè kap fèt nan konbat moun kap fè bagay ak timoun nan peyi Dayiti epi tou anpil mobilizasyon ak kanpay pou di sa paka kontinye konsa, lajistis di "sè t-ase". Li mete Michael Geilenfeld anbakòd depi vandredi 5 septanm 2014. 

ANPIL VIKTIM TEMWAYE DEJA DEVAN JIJ AYISYEN. VERITE TONBE. BLAN MICHEL PALE, LI KOMANSE BAY VERITE. 

ANN KORE VIKTIM YO!!!
________________

Plainte et Témoignages contre Michael Geilenfeld, le Directeur de l'orphelinat Saint-Joseph de Delmas 91.-

1- Témoignage notarié d'une victime de Michael Geilenfeld fait aux Etats-Unis. On l'appelle VICTIME ONE.-http://fr.slideshare.net/reseaucitadelle/affadavit-victim-one

2- Témoignage notarié d'une 2e victime de Michael Geilenfeld fait aux Etats-Unis. On l'appelle VICTIME TWO.-http://fr.slideshare.net/reseaucitadelle/affadavit-victim-two

3- Témoignage vidéo de Marc Louis, lui aussi, victime de Michael Geilenfeld.-
https://www.youtube.com/watch?v=OPQZ-TAqEbk&feature=youtu.be

4- Plainte formelle des jeunes de l'orphelinat Saint-Joseph Home for Boys de Delmas 91 contre M. Geilenfeld pour « agression sexuelle, viol, sévices corporels, escroquerie, abus d'autorité, abus de drogue et usage illicite de drogues, atteinte à la pudeur, traite de personnes pour exploitation sexuelle et abus de confiance… ». Ils sont représentés par Me. Emmanuel Jeanty du Cabinet Fleurant.- 
http://reseaucitadelle.blogspot.com/2014/02/haiti-pedophilie-justice-plainte.html

____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: