dimanche 28 décembre 2014

Ala Pay!!! Politisyen ki te vle Evans Paul pou Prezidan di li paka 1er minis.-

Ala Pay!!! Politisyen ki te vle Evans Paul pou Prezidan di li paka 1er minis.-

Yon bann politisyen ak lidè sosyete sivil kitap fè kanpay pou Evans Paul (K-Plim) ka prezidan sou pwofèsè Manigat di joudia li paka 1er Minis. 

Nou wè istwa nèg politik Ayiti. Yo te konnen K-Plim pa menm ka premye minis, epi yo tap kore'l pou prezidan. 

Politisyen Aysyen se grenn-a chen. Se dèyè yo gade! Yo pa men ka antann yo sou yon moun ke yo te vle mete prezidan peyi nan lane 2006.

Yo mande gombo a, prezidan Martelly bay yo li nan men. 

Pèp la pral wè eske moun sa yo ka antann yo, eske yo ka jere leta, eske yo ka bay rezilta. 

Yo tap joure biznisman ki nan pouvwa, nap gade kisa polisyen yo ka bay nan pouvwa: Rezilta Lamothe yo la!

Pèp la ap gade lap sib!!!

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
reseaucitadelle@yahoo.fr
@reseaucitadelle
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: