jeudi 27 novembre 2014

Ala pay! Depi 2012, Ti-egri ak ekstrèm goch ap manifeste mande Martelly remèt yo pouvwa.-

Yon lane sèlman apre Martelly pran pouvwa Ti-egri yo te guentan paka tann, yo te guentan wè Martelly ap fè derive. Pèp la pa okipe yo, paske li konnen sa pa guen anyen pou wè ak rezilta gouvenman Martelly a, men pito se foli pouvwa yon bann Ti-egri ak gagotè Lavalas ekstrèm goch ki sonje lajan Teleko, lajan kooperativ pèp la, lajan ONA, lajan APN, elatriye, yo te konn volè, san konte lajan dwog, kontrebann ak kidnapin. Moun sa yo rele program sosyal tankou kantin popilè ak Ti-manma cheri: DERIVE, yo derefize vote lwa pou ranfose lekol gratis konstitisyon an mande depi 1987, yo pa vote anbasadè pou Ayiti, manb konsèy bank santral, elatriye. Yo vle bloke tout bagay epi fè dezod nan peyi a san yo pajanm prezante okenn pwogram ni okenn lide. Yo di se lè Martelly ale yo pral fè yon pwogram pou chanje Ayiti. Alos tout moun konnen moun sa yo pa janm fè lot bagay lè yo pran pouvwa ke volè, piye...
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: