vendredi 6 décembre 2013

KAPAYISYEN / ENSEKIRITE : TEORIS YO FRAPE ANKO NAN VIL OKAP !

Zak teoris yo ap kontinye nan Vil Kapayisyen. Jounen jedi 05 Desanm 2013 sa a, bandi yo pa rive idantifye lanse yon bonbon gaz lakrimojen nan Biwo Depatmantal Edikasyon an nan No bo midi konsa nan moman tout anploye tap travay nan biwo a.

Bonbonn gaz lakrimojen sa a ki tonbe direkteman nan biwo Sevis ki Apiye Anseyman Prive ak Patenarya ( SAEP ) gen gwo konsekans sou tout aktivite ki te genyen nan zon tankou transpo an komen an ki paralyze, lekol ki tap konpoze ki oblije ranvoye egzamen yo mete ak lot moun ki te nan lot biwo ou byen kay prive gaz lakrimojen bonbade nan ri 15, 14, 13, 12, 11 ak 10 L, elatriye.

Yon teknisyen SAEP ki te sou biwo'l nan moman bandi a lanse gaz lakrimojen nan declare'l pa konnen poukisa yo sible Biwo Depatmantal Edikasyon an nan No. Sepandan, Madanm Lydie Rose Joseph PIERRE konvenki ke se paske nan dat 28 Oktob 2013 pase a bandi yo te poze menm aksyon sa a nan Lise Boukmann ak Lise Filip Gerye jous jounen Jodi a yo pa janm anba kod. Li pwofite mande Lajistis ak Lapolis pou yo louvri yon anket sou zak teoris sa a bandi yo poze a pou yo ka pini koupab la.

Nap raple, sa genyen plis pase yon mwa depi bandi peson moun pat rive idantifye te lanse 2 bonbon gaz lakrimojen dabo nan Lise Boukmann, yon titan apre 2 lot nan Lise Filip Gerye jous jounen Jodi a dosye a nan Kabine Enstriksyon, men pako gen pyes moun yo arête.

Pandan tan sa a, plizye nan elev ki te viktim yo ak pye kase, men kase, zo senti fraktire kontinye ap soufri malgre kantite lajan Paran yo deja depanse nan lopital. Dives obsevate ap poze kesyon pou mande : KILE VIKTIM YO AK PARAN YO AP JWENN JISTIS AK REPARASYON ? Otorite Lajistis yo jwet pou ou.

Jean Rood PAUL, 33673304 / 38372025
E-mail : pjeanrood@yahoo.fr
Cap-Haitien, le Jeudi 05 Decembre 2013



Aucun commentaire: