vendredi 15 novembre 2013

Remoulè! Un poème sur les extrémistes de l'opposition haitienne.

Remoulè!

Manje sa ou fin vomi se malpwòp
Pa fè sa, pa siye l', bouch pa mòp
Se lenmi ki voye deyè ou zonbi tèt sankò
Se lenmi ki bay maladi, voye ou kay bòkò
Si ou se moun, ou pa ka nan manje atè
Si ou fè sa monchè, ou se remoulè

Ki sa l' te kite pou ou nan sa l' tap bafle
Lè l'ap dòmi , li pran ronfle
Lestomak chaje, manje bouche tou nen 
Ti Rolan remoulè pap kite blendèk ni pen
Me l' vomi, li vle m' ede l' ranmase
M' pa remoulè, se ou Ti Rolan pou yo rele

Aloufa, gen chen ki pa lanbe vomi
Ou menm ak fatra pa lot bagay ke pouriti
Mezanmi, ki zanmitay, ki sonnen klòch sa
Non m' pap nan kòkòt ak figaro sa
Pa antre m' nan sa, m' pap manje atè
M' pa Ti Rolan, m' pa remoulè

Moun sa yo te manje jouk yo bave
Yo mete men sou lestomak yo, yo remete
Jodi a pa gen transfè, lè dimanch 
Figi mare, dan kale, min yo blanch
Anba pye bwa a, yo pa jwen pòm
Yo souke….souke, sa l' ye: fèy bwa dòm

Yo sanble fèy yo pou mete dife 
Se la raj, yap chante, yo nève
Yap mande pou li, yo anvi bafle diri
Yo sonje lè yo tap manje dòb ak kroti
Pou swè ap koule, bese ranmase l' atè
Raboure tankou Ti Rolan remoulè

Ekstrè Plezi Kreyòl –Ralph Géraldy Jasmin 
Biro Ayisyen dwa dotè : OEU-P-P100000719
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: