mercredi 20 novembre 2013

20 nov.13 -- Sa #YvonAlteon pa di sou Vision2000:

1- "Depi w pale ak li oubyen rankontre'l, li mache repete sa'w pa di'l. Yon fason pou'l parèt Super Star." (Sa rive plizyè fwa. Politik pa fèt nan pale anpil.) 

2- #YvonAlteon pa janm vle konprann "Devan manifestasyon 2012 akoz move jesyon dosye tè ak OCB, se li ki te fizib pou pwoteje Prezidan an". (Misye pa janm sispann konplote kont moun ki ranplase'l la "Ardouin Zephirin" ak "Cyrus Sibert" ki sipòte Ardouin paske se reprezantan Prezidan li ye. Li pran sa pou yon bagay pèsonèl tandiske mwen pa janm guen anyen avè'l.) 

3- Anplis, #YvonAlteon te debake nan Nò ak yon pòz li konn tout bagay. Apre plis pase 23 lane Ozetazini, si'w pa vle tande konsèy, wap echwe.  (Nou rankontre avè'l 2 fwa pande li te delegue pou di'l atansyon. Li toujou montre li konn tout bagay. Li te Boston, li ka jere ti sa.)

Pou fini, nap di: Paske nou grandi nan opozisyon, nou pa guen pwòblèm evolye nan opozisyon. Si nou te guen yon pwoblèm ak Pouvwa Martelly-Lamothe la, nou tap di sa epi nou tap pran pozisyon nou. Nou ka fè ti sa, nou te fè'l an 2005 devan gouvènman tranzisyon Gerard Latortue ak tout nou te nan Radio Maxima ki tap sipòte'l. Si nou deside sipòte pouvwa Martelly-Lamothe la, se pou fini ak rèy anakopopilis Lavalas yo. Michel Martelly se sèl moun kite nan GNB ki ka mobilize moun e li nan yon wout diferan ke Lavalas. Apre makak opozisyon an nan lane 2006 kote yo te voye 55 kandida paske yo tout te vle prezidan, se Michel Martelly ki bay nou yon souf ak zafè chak eleksyon Lavalas guenyen epi opozisyon ap plenyen. Se premye fwa depi 25 lane se Lavalas kap plenyen deske yo pedi eleksyon. Jalouzi fè ansyen kamarad GNB nou yo pa vle rekonèt talan Michel Martelly nan sans sa. Nou pa rayi yon moun ki Lavalas, men nap toujou kanpe anfas tout inisyativ ti vize remete rèy Lavalas sou pouvwa. Nou pa nan Martelly pou lajan. Nou pase 42 lane nan vi nou ap viv nan prive san sipò leta. Paguen moun ki ka site non nou nan anyen ki mal konsenan lajan. Tankou jounalis Jean Dominique tap sipòte Lavalas paske'l te kwè nan chanjman, nou se yon jounalis kap sipòte pouvwa TET KALE a paske nou wè li sou wout chanjman epi moun kap kritike'l yo paka di yo te ede'l yon jou fè bagay yo pi byen. 

Cyrus Sibert, #CapHaitien #Haiti
____________________

RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!

"You can fool some people sometimes, But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: