mercredi 30 octobre 2013

Contradictions dans les déclarations de Martin Pierre contre Cyrus Sibert

Tande kontradiksyon nan yon deklarasyon ki vize detri Cyrus Sibert kap anpeche nèg yo vole ak fè moun abi nan depatman Nord :


Martin Pierre - kouzen Yvon Alteon - ki te enplike nan eskandal lajan asenisman nan lane 2012 epi kite tire yon jenn gason nan senti nan Saint-Raphael deklare:

1- Se pa yon bagay ki fèt an kachèt. 
(Men li te guen enformasyon an epi li pat jwenn moun pou'l bay li.)

2- Cyrus bay prezidan yon replik. 
(Kidonk, Cyrus anfas prezidan an)

3- Cyrus pa vle Justin. 
(Aloske depi yon lane se apati egzamen bakaloreya mwa jiyè 2013 nou komanse dekouvri misye pa serye. Se koripsyon ak zak abitrè.)

4- Martin Pierre kom chaje misyon te konnen sa lontan. 
(Yon deklarasyon ki fè de li premye moun pou yo rele nan kad yon ankèt.)

5- Atak la fèt depi semen pase. 
(Aloske se de atak lendi lap pale, epi li te di li guen enformasyon an nan week-end nan.)

6- W paka jwenn yon moun. 
(Aloske Martin Pierre di li se yon chanje misyon ki guen chèf yerachik nan Palè Nasyonal.)

7- Palè Nasyonal guen enformasyon an. 
(Pouki sa se pa reskonsab enformasyon Palè nasyonal, Lucien Jura, ki te pale nan laprès?)

8- Cyrus enstale yon direktè depatmntal ledikasyon. 
(Aloske lè sa Cyrus te Etazini)

9- Cyrus mete matyè fekal. 
(Nan yon Lice kote nèg ak zam Justin tap veye tout lannwit)

10- Justin ap fè yon travay korèk. 
(Aloske guen grèv nan yon pakèt lice nan depatman an.)

11- Cyrus joure patizan Martelly. 
(Aloske tout lenmi Prezidan an profite de akizasyon Martin Pierre pou atake Cyrus epi diabolize.)

12- Yo pa fouti manyen Cyrus Sibert. 
(W kwè yon nèg ki ta bay yon Prezidan gwosè replik yo paka mayen?)

13- Chèf yerachik se Max Victor nan Palè. 
(Al verifye pou'w wè si se vre) 

____________________

RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!

"You can fool some people sometimes, But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: