vendredi 2 août 2013

Dosye Andre Michel : Lè yon nèg ap fè politik dosye'w dwe korèk ...

Lè yon nèg ap fè politik dosye'w dwe korèk. Si ou guen move dosye se normal pou yo chofe'w. Repibliken yo toujou chache move dosye lakay demokrat yo pou yo chofe yo, menm jan demokrat chache dosye repibliken yo tou. Yo pa janm di se paske se politik. Yo sèlman verifye si se vre. Epi lajistis fè travay li. Se pa 2 palmantè ki pa pedi pouvwa kon sa. Nixon demisyone konsa. La kesyon se: eske moun sa yo akize a vyole lalwa. An Ayiti tout moun ap veye Pouvwa a pou fè eskandal. Li pa di se politik. Li konnen fok li pran prekosyon. Menm jan lè se yon nèg kap fè opozisyon, fok li ranje dosye'l. Politik paka garanti enpinite. Epi paguen anyen ki di se pa pou yo pat arete'l nan dosye krim sa kifè Andre Michel tap fè bri. 

____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: