jeudi 11 avril 2013

Demisyon Minis finans : JJJ-TOUT-HAITI tounen yon vye epav, "desoeuvré"! Tout bagay se escandale pou li!


Demisyon Minis finans : Mezanmi, Jean-Junior Joseph tounen yon vye epav, "desoeuvré"! Tout bagay se escandale pou li!

Kisa ki dwòl si yon minis finans demisyone? Guen yen plizyè lekòl kap panse sou zafè ekonomi. Si yon moun pa dakò ak yon apwòch se nòmal pou li demisyone. Prezidan fwansè Nicolas Sarkozy te kwè nan lekòl osterite, François Hollande kwè nan finansman kwasans. Paguen anyen ki dwòl, paguen anyen ki mal si yo pa panse menm jan. 

Madan Marie Carmelle Jean-Marie guen dwa pa dakò yon oriantasyon ekonomik ki pa ale nan fason li panse. Fòk nou fini ak apwòch panse inik an Ayiti. Tout moun paka panse men'm jan. Li parèt klè ke Martelly-Lamothe kwè nan finanse kwasans ak lansman gwo travay enfrastrikti tankou wout anlè nan Delma ak Kafou, plis yon pakèt lòt chantye nan peyi a. Prezidan an bezwen montre pèp la lap travay, li renmen inoguire... Anpil nèg pa janm guen kouraj di sa, se men'm apwòch sa ki te baz pwoblèm ak Garry Conille. Yon prezidan kap di'l an ale vit paske fòk mwen fè pèp la wè map bay rezilta, ak teknokrat kap explike kijan bagay yo dwe fèt. 

Sèl bagay, depi desan lane, biwokrat peyi Dayiti ap explike kijan bagay yo dwe fèt... An gade rezilta yo! Si Prezidan Martelly pat lanse pwogram lekòl gratis la jan li te fèl la, jis konnye a li tap nan tiwa. Palman an ki tap di fòk guen lwa pou kolekte tax pou lekòl gratis yo pa janm chita pou vote lwa sa ki lachanm depi preske yon lane. 

Pèsonelman, mwen regrèt demisyon madan Marie Carmelle Jean-Marie. Mwen panse ke li te konnen dosye'l byen, epi nan tout emisyon li patisipe, li fè yon bon travay de defanm gouvènman an paske li di verite, "me kisa ki nan dosye-a". Li te fè sa byen nan Metropolis ak Nancy Roc. Yon bagay anpil nèg kap jwi pouvwa-a pa fè. Mwen kontan se konsa li kite gouvènman an, "paske li pa wè bagay yo men'm jan". Yon bagay ki rive tout kote, tout tan, sitou nan demokrazi! 

Men, se prezidan Martelly ak ekip tèt kale a ki te fè kanpay! Se yo kite te fè promès, se yo pèp la ap jije. Yo toujou bliye Minis yo lè sa gate, se prezidan ak ekip politik li ki toujou sible. Si pèp la fache, li pap di Aba Marie-Carmelle, men Aba Martelly-Lamothe.

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti

Aucun commentaire: