dimanche 30 septembre 2012

Note de Presse reçu de l'INITIATIVE CITOYENNE --- Annulation du mot d'ordre de grève lancé au Cap-Haïtien.

Not Pou Laprès

Pouvwa TetKale a soti pou kreye kondisyon pou fè represyon. Devan siksè manifestasyon 27 novanm nan ki te reyini plizye milye moun. pouvwa Tèt San kò an komanse arete militan, fè revokasyon ilegal nan bwat leta yo, olye yo chita pou pote solisyon nan revandikasyon manifestan yo.

Konsa devan aklamasyon modòd grèv ki lanse lendi 1e Oktob lan, pouvwa Matelly an planifye mete lajan d
eyò pou simen latroublay, kraze vit machinn, boule kawotchou pou bay opozisyon an pote responsabilite an nan yon fason pou dekredibilize mouvman lejitim pèp la, epi kontinye arete militan, fè represyon. 

Nap mande komèsan, ouvriye, etidyan, elèv pou vakye a okipasyon yo lib e libè san problèm, grèv lan anile. 

Popilasyon dwe rete veyatif sou modòd manifestasyon nou gen poun lanse. Si gen latroublay nan lari an lendi 1e oktob, pouvwa Mateli an ap pote tout responsabilite yo.

Kap Aysyen, Jou ki 28 Novanm :
1- Initiative Citoyenne
2- Asosiasyon Konsomate No
3- KOSPREN
4- OREN
5- REJA
6- ADENO
7- FENOP
8- FPN
9- BPN

POU Otantifikasyon : 1- Augustin Pierrot & 2- Geffrad Jean Gesner
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE COMBATTRE LES DEMAGOGUES DE DROITE ET DE GAUCHE , LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: