samedi 28 juillet 2012

Cyrus ekri Dubreuil : "Sa mwen ka di, lè ou gade kadav yo ou wè tras manchèt ak san nan nen. Ou te ka di se kadav ki maltrete. Kote tras bal yo? Eske se pa lot kadav nèg yo pran pou fè foto?"


Se tris pou wè moun mouri. Pèsonn moun pa dwe mouri konsa. Men nou nan yon lojik destabilizasyon. Madan Manigat pa rekonèt defèt li. Ki vle di se yon apèl pou patizan'l pa fè lapè ak Martelly. Guen yen tou Lavalas kipaka viv deyor pouvwa, yo malad, yo paka tann. Travay nèg sa yo se chache kadav epi mete yo kote te guen tchobol pou yo di guen masak. Yo fo nan viktimisazyon, rele, pale nan radio, chache laprès nasyonal ak entènasyonal pou fè yo kritike gouvènman yo pa renmen an. Guen de lè se kèlke blese, epi yo charye kadav mete nan kote te guen dyèl la pou yo di guen masak. 

Epi atik yo ekri sou vyolans la nan Pak Lavizit la di guen 5 polisye ki blese. Ki sa ki blese yo? Ki yès ki blese yo? Polisye yo pa chyen, se moun yo ye te. Yo guen dwa lavi tou. Dayè menm chyen guen dwa lavi. Mwen konnen peyizan pa guen gwo mayen zam pou repouse yon operasyon lapolis. Si yo te ka fè sa jiskaske yo ble 5 polisye sa ta vle di bagay la pa piti nan Pak lavizit, guen nèg politik kap chache enfiltre peyizan yo ak nèg ak zam pou simen la troublay. Sa mwen ka di, lè ou gade kadav yo ou wè tras manchèt ak san nan nen. Ou te ka di se kadav ki maltrete. Kote tras bal yo? Eske se pa lot kadav nèg yo pran pou fè foto?

Nou konnen nèg sa yo deja. Nan eleksyon an yo te di lapolis tiye 3 patizan mandan Manigat epi apre nou tande nèg la yo di yo touye-a ap pale nan Radio Signal fm. Nèg yo te men fè yo fi pale tankou madanm misye nan Radio yo guen ki tap konbat Martelly. Fi a tap kriye di yo touye mari'l. Nou pa janm tande anyen sou sa. Oganizasyon dwazimen te guentan ap mande arete jije polisye ki touye patizan madan Manigat yo. Men nan yo demokrasi, fok yo ta ankete epi jije moun ki fè montaj sa-a tou. Li tro fasil pou nenpot moun fè nenpot bagay pou akize lapolis ak leta. 

Ayiti guen yon pakèt expè nan destabilizasyon. Menm lè yo paka rezoud problèm,nèg yo konnen koman pou yo bay problèm. Alos, annou tann ankèt la pou nou konnen sak pase Pak Lavizit. Nou paka kouri ap di vye koze, nou pa dwe kite yo fè'n kwè sa yo vle.

Paske pandan kou deta ane 90 yo, nMonchè se tris pou wè moun mouri. Pèsonn moun pa dwe mouri konsa. Men nou nan yon lojik destabilizasyon. Madan Manigat pa rekonèt defèt li. Ki vle di se yon apèl pou patizan'l pa fè lapè ak Martelly. Guen yen tou Lavalas kipaka viv deyor pouvwa, yo malad, yo paka tann. Travay nèg sa yo se chache kadav epi mete yo kote te guen tchobol pou yo di guen masak. Yo fo nan viktimisazyon, rele, pale nan radio, chache laprès nasyonal ak entènasyonal pou fè yo kritike gouvènman yo pa renmen an. Guen de lè se kèlke blese, epi yo charye kadav mete nan kote te guen dyèl la pou yo di guen masak. 

Epi atik yo ekri sou vyolans la nan Pak Lavizit la di guen 5 polisye ki blese. Ki sa ki blese yo? Ki yès ki blese yo? Polisye yo pa chyen, se moun yo ye te. Yo guen dwa lavi tou. Dayè menm chyen guen dwa lavi. Mwen konnen peyizan pa guen gwo mayen zam pou repouse yon operasyon lapolis. Si yo te ka fè sa jiskaske yo ble 5 polisye sa ta vle di bagay la pa piti nan Pak lavizit, guen nèg politik kap chache enfiltre peyizan yo ak nèg ak zam pou simen la troublay. Sa mwen ka di, lè ou gade kadav yo ou wè tras manchèt ak san nan nen. Ou te ka di se kadav ki maltrete. Kote tras bal yo? Eske se pa lot kadav nèg yo pran pou fè foto?

Nou konnen nèg sa yo deja. Nan eleksyon an yo te di lapolis tiye 3 patizan mandan Manigat epi apre nou tande nèg la yo di yo touye-a ap pale nan Radio Signal fm. Nèg yo te men fè yo fi pale tankou madanm misye nan Radio yo guen ki tap konbat Martelly. Fi a tap kriye di yo touye mari'l. Nou pa janm tande anyen sou sa. Oganizasyon dwazimen te guentan ap mande arete jije polisye ki touye patizan madan Manigat yo. Men nan yo demokrasi, fok yo ta ankete epi jije moun ki fè montaj sa-a tou. Li tro fasil pou nenpot moun fè nenpot bagay pou akize lapolis ak leta. 

Ayiti guen yon pakèt expè nan destabilizasyon. Menm lè yo paka rezoud problèm, nèg yo konnen koman pou yo bay problèm. Alos, annou tann ankèt la pou nou konnen sak pase Pak Lavizit. Nou paka kouri ap di vye koze, nou pa dwe kite yo fè'n kwè sa yo vle.

Paske pandan kou deta ane 90 yo, tineg te konn al chache kadav nan mog lopital jeneral epi al mete yo nan lari, tire sou yo, pou yo di se lame dayiti ki fe sa. Apre sa yo al chache CNN vini filme. Yo fe tout sa, kraze imaj peyi-a, detri touris peyi a pou yo te ka pran pouvwa epi banbile. Rezilta. Zero bare!

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti


Aucun commentaire: