jeudi 21 juin 2012

Pou listwa map raple : " Prezidan Michel Martelly se moun kite banm gwo sipor devan Premye minis Bellerive ak lot moun aprè'm te fini piblye Kontra yo. Li te di'm "" Fè travay ou Tèt kale. Sa fè lontan wap goumen sèl anba dan chen anraje yo. Konnyè a mwen la ou paguen pouw pè anyen."


Cyrus Sibert ap reponn Garry Denis nan koulè ble.


Garry Denis --- A la pay, neg  ap kritike Jen kore Jen ki te nan Jid Celestin ki te kandida pou kontinye  kraze peyi an menm jan ak Preval.
Men yo femen bouch yo sou alyans  pouvwa yo an ak Senate ki pi koronpi nan listwa peyi an, ki tap  kore Jid Celestin. Mwen pa we neg yo ekzije pouvwa yo an fe limye sou pil dosye mafya senate sa yo gen sou do yo. Neg pito pale alyans win-win

Cyrus Sibert --- Nèg sosyete sivil yo te mande Martelly pou'l negosye ak palman an. Prezidan an pa renmen lojik machandaj la. Olye sosyete sivil ayiti forse palmantè yo respekte règ jwèt domkrasi a nan sans vot pèp la, yo tap sipote yo nan blokaj, pouse dife pou Martelly paka bouje. Konnyè-a Prezidan an diskete epi chache kreye gwoup palmantè pou'l dirije, menm nèg sa yo ap pale di yo pat dwe negosye ak yon seri palmantè. 

Garry Denis --- Alapay neg te komanse denonse move kontra Belriv ak konpayi Sendomeng, ti neg tap kritike Belriv, ti neg tap kritike konpayi sendomeng, ti neg pa pale anko le yo konen Belriv se konseye prezidan kap pale  chanjman an.
Tineg pa di anyen le yo konen Chef kabine Belriv se minis planifikasyon gouvelman ekip kap pale chanjman an.  

Cyrus Sibert --- REZO SITADEL denonse kontra Bellerive yo ki toujou sou blog li, sosyete sivil pa di anyen paske lè sa, yo pat wè kouman pou yo atake Martelly TET KALE. Sou konsèy nou, depite Kenston monte sou tribin denonse kontra sa yo, paguen yon moun nan Sosyete sivil kite kriye eskandal mande ankèt. La près pat di anyen. Kan yo chache mete'l sou do Prezidan Martelly, dosye a guentan enportan, yo di REZO SITADEL pa kontinye li. Aloske tout dosye nou travay sou yo se toujou prezante endis, prèv ak temwayaj pou pouse la jistis zezi dosye anba presyon sosyete sivil la . Se sa nou fè nan dosye abi sou timoun lari Okap yo. Malerezman se sosyete sivil Etazini ki bay presyon, se lajistis Etzini ki ankete epi kondane Douglas, se laprès Etazini ki bay li odyans. Tout nèg ayiti paguen tan pou sa.
Jodia nèg yo ap mande'n fè travay lajistis ak sosyete sivil. aprè nou fini piblye kopi kontra yo, yo mande'n pou nou jije koupab yo.

Garry Denis --- Ti neg pa di anyen devan gro sispisyon ki genyen sou prezidan kap pale chanjman an  nan pran lajan anba tab Sendomeng. 
Tineg pa di anyen sou rapo primati an ki demontre jan kontra tap bay nan move kondisyon.
Epi tineg ap denonse selman jen gason ki te nan INITE 
Se vre dan pouri se sou banann mi li gen fos,

Cyrus Sibert --- Tout voye monte se gro sispisyon. Menm jounalis ki di sa te akize Prezidan Martelly di li promèt fè Ayiti ak Sendomeng tounen yo sèl. Sa nèg sa yo pa konnen, Prezidan Michel Martelly se moun kite banm gwo sipor devan Bellerive ak lot moun aprè'm te fini piblye Kontra yo. Nan Palè Nasyonal li te di : "Misye se yon nèg map swiv lontan sou enternèt. Mwen dakor ak anpil bagay li ekri." 
Lè sa Bellerive te reponn "Ekselans, misye se nèg pa'w". 
Prezidan an te reponn "Wi misye se nèg pan'm, asoye'm, pitit gasonm."   
Prezidan an te kontinye pou'l di'm "Fok ou nan yon pos pou ede'm fè bagay yo vanse"
Mwen te di'l mwen renmen sa map fè a. Epi map pi itil sou teren an nan obsève jan bagay yo ap vanse propoze koreksyon. Li te reponn ok mwen konprann " Fè travay ou Tèt kale. Sa fè lontan wap goumen sèl anba dan chen anraje yo. Konnyè a mwen la ou paguen pouw pè anyen."
Pale anpil sa te fè sou enternèt kote yo te fè manti di map chache djob Magistra Okap montre ke nèg yo pat kontan sa. 
Martelly pat jan'm di'm pa pale de kontra yo. Li pa janm di'm kisa pou'm di ak kisa poum pa di. Se normal ke travay mwen ede'l paske nou guenyen yon ban lide nou pataje. Mwen paka kite yo detri'l san prèv, san evidans. Epi tou mwen pa guen okenn angajman ak pèsonn sou opinyon'm.
Dayè Garry Conille te di nan radio, Prezidan Martelly te mande pou ankèt fèt sou kontra yo.

Cyrus Sibert, Okap.
______________________________________

De : Jean Garry Denis <dgarry50@yahoo.fr>
À : "VINOUSH@yahoogroupes.fr" <VINOUSH@yahoogroupes.fr>; Cyrus Sibert <reseaucitadelle@yahoo.fr>
Cc : Organisation Jeune <corejene@yahoo.fr>
Envoyé le : Mardi 1 mai 2012 5h17
Objet : Re : [VINOUSH] Nèg yo telman tap chache konpetans yo te kore Jude Célestin pou Prezidan Ayiti !!!! Mwen kwè lè sa yo te pale de "Jenn kore jenn"

A la pay, neg  ap kritike Jen kore Jen ki te nan Jid Celestin ki te kandida pou kontinye  kraze peyi an menm jan ak Preval.

Men yo femen bouch yo sou alyans  pouvwa yo an ak Senate ki pi koronpi nan listwa peyi an, ki tap  kore Jid Celestin. Mwen pa we neg yo ekzije pouvwa yo an fe limye sou pil dosye mafya senate sa yo gen sou do yo. Neg pito pale alyans win-win

Alapay neg te komanse denonse move kontra Belriv ak konpayi Sendomeng, ti neg tap kritike Belriv, ti neg tap kritike konpayi sendomeng, ti neg pa pale anko le yo konen Belriv se konseye prezidan kap pale  chanjman an.

Tineg pa di anyen  le yo konen Chef kabine Belriv se minis planifikasyon gouvelman ekip kap pale chanjman an.

Ti neg pa di anyen devan gro sispisyon ki genyen sou prezidan kap pale chanjman an  nan pran lajan anba tab Sendomeng.

Tineg pa di anyen sou rapo primati an ki demontre jan kontra tap bay nan move kondisyon.

Epi tineg ap denonse selman jen gason ki te nan INITE

Se vre dan pouri se sou banann mi li gen fos,


Jean Garry Denis
OKAP



De : Reseau Citadelle - Cyrus Sibert <reseaucitadelle@yahoo.fr>
À : Cyrus Sibert <reseaucitadelle@yahoo.fr>
Envoyé le : Lundi 30 avril 2012 20h59
Objet : [VINOUSH] Nèg yo telman tap chache konpetans yo te kore Jude Célestin pou Prezidan Ayiti !!!! Mwen kwè lè sa yo te pale de "Jenn kore jenn"

 
Nèg yo telman tap chache konpetans yo te kore Jude Célestin pou Prezidan Ayiti !!!! Mwen kwè lè sa yo te pale de "Jenn kore jenn" 
____________________
"La vraie reconstruction d'Haïti passe par des réformes en profondeur des structures de l'État pour restaurer la confiance, encourager les investisseurs et mettre le peuple au travail. Il faut finir avec cette approche d'un État paternaliste qui tout en refusant de créer le cadre approprié pour le développement des entreprises mendie des millions sur la scène internationale en exhibant la misère du peuple." Cyrus Sibert
Reconstruction d'Haïti : A quand les Réformes structurelles?
Haïti : La continuité du système colonial d'exploitation  prend la forme de monopole au 21e Siècle.
WITHOUT REFORM, NO RETURN ON INVESTMENT IN HAITI (U.S. Senate report.)

Aucun commentaire: