vendredi 25 novembre 2011

Bonne nouvelle les villes de province! Le Président Michel Martelly annonce un budget national axé sur la décentralisation : "Nan jou k'ap vini la yo, n'ap voye devan palman an, yon lwa sou finans ki ap konsidere kesyon desantralizasyon an."

MESAJ S.E.M. MICHEL JOSEPH MARTELLY, PREZIDAN REPIBLIK LA, A NASYON AN.

mèkredi 23 novanm 2011.

Chè konpatriyòt,

Nan dènye semèn sa yo, peyi a travèse yon move moman ki, yon lòt fwa ankò, te ralanti pwosesis bòn mach gouvènman an. Mwen voye konpliman bay tout Senatè yo ki te konprann nesesite pou pat mete absè sou klou nan rezolisyon 22 novanm 2011 lan. Se tout Peyi a ki ap di nou mèsi pou tèt nou pat kite enterè pèsonèl nou mennen nou. Nou te mete Ayiti devan. M'ap pwofite di mèsi ak Minis Lajistis ak Sekirite Piblik la ki te chwazi pou l' te  retire kò l', yon fason pou l' fasilite yon solisyon nan kriz la.

Ann pa bliye ke Ekzekitif la, lejislatif la ak jidisyè a, se twa pouvwa Leta, ki dwe, dapre konstitisyon an, fè peyi a mache kòrèkteman. Youn konplete lòt. Nan sans sa a, yo pa ka nan chire pit. Jodia li nesesè ke, prese prese, yo antann yo sou gwo dosye k'ap pèmèt peyi a komanse fè refòm ki pou mennen l sou chimen devlopman tout bon vre a. 

A pati semèn sa a, mwen pran angajman pou m chita ak reprezantan twa pouvwa Leta yo, pou nou kapab ansanm pran bon jan dispozisyon pou anpeche mòd sitiyasyon sa yo repete ankò. Moman an rive pou nou bliye sak pase a. M'ap mande onorab Depite yo, nan lanmou yo gen pou Ayiti, pou yo fè menm jan ak senatè yo, pou yo pwofite kalfou difisil nap pase la a, pou nou fè yon gwo kole zepòl pou nou kapab jwenn bon jan stabilite nan peyi a.

Pikan kwenna ki devan nou yo, ke nou dwe janbe ansanm yo, anpil. Pèp la paka tann ankò pou dirijan l yo bal sèvis, pou fè l' viv tankou moun. Nou fèt pou nou batay pou tout moun konn li ak ekri. Nou dwe goumen pou nou rekonstwi peyi nou nan tèt ansanm. Nan jou k'ap vini la yo, n'ap voye devan palman an, yon lwa sou finans ki ap konsidere kesyon desantralizasyon an. Nou dwe batay kont koripsyon sou tout fòm. Nou dwe frennen ensekirite pou nou kapab pèmèt biznisman vin louvri biznis nan peyi nou, pou nou kapab kreye travay pou pèp la. 

Men nan men, n'ap gonfle venn nou, nan enterè peyi nou, Ayiti. Ayiti, ki pa dwe mouri, Ayiti ki wè pa wè gen randevou ak chanjman an. 

Mèsi
Envoyé par mon BlackBerry
---------------
"Ne doutez jamais qu'un petit nombre de citoyens volontaires et réfléchis peut changer le monde. En fait, cela se passe toujours ainsi" Margaret Mead (1901-1978)

Aucun commentaire: