jeudi 7 juillet 2011

Tout moun kap mande Prezidan Martelly pou negosye post ak palmantè yo, bezwen peyi-a rete jan li ye-a. Yo bliye sak te pase sou Premye Michele Pierre-Louis...

Tout moun kap mande Prezidan Martelly pou negosye post ak palmantè yo, bezwen peyi-a rete jan li ye a. Yo bliye sak te pase sou Premye Michèle Pierre-Louis.

Palmantè CPP yo te kite yo volè 197 milyon dola ameriken. Pandan madanm la te premye ministre, yo te itilize ministè ki nan men yo, pou volè lajan petrocaribe epi lage responsabilite ya sou mandan'm Pierre-Louis.

Li klè ke neg sa yo nan GPR mande pou Bellerive rete. Ak tout eskandal sou lajan Petrocaribe ya, yo prefere Bellerive. Se koze volè lajan kap regle.

Yo bezwen guen ministè kle pou yo kontinye volè lanjan epi lague responsabilite yo sou Premye Ministe Martelly ya.

Bagay sa pa akseptab! Fok Prezidan reziste!

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
---------------
* "Ne doutez jamais qu'un petit nombre de citoyens volontaires et réfléchis peut changer le monde. En fait, cela se passe toujours ainsi"
Margaret Mead (1901-1978)

* « Si tu as la volonté, ta force sera à la mesure de ton désir » Proverbe Arabe.

Aucun commentaire: