jeudi 12 novembre 2009

Bilten Meteyo Mèkredi 11 Novanm 09

Pou rive jouk 13 Novanm 09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA

 

  • Yon zòn move tan chita kò'l sou Atlantik la maten an. Li rive ak yon kre jouk rive  nan Nò Pòtoriko. Sitiyasyon sa kapab bay lapli pasipala sitou sou zòn frontyè peyi d'Ayiti aswè a.

 

PREVIZYON POU AYITI

  - Gen kèk nyaj ak solèy maten an;

  -  Ap gen nyaj k'ap pase nan syèl la tanzantan nan fen jounen an ak nan aswè;

  - Ap gen bon tanperati sitou nan aswè;

  - Gen chans pou gen lapli aswè a sitou nan zòn frontyè depatman : Nòdès, Sant, Lwès ak Sidès.   

 

PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

      -   Gen kèk nyaj ak solèy maten an;

      -  Ap gen  nyaj k'ap pase nan syèl la lè jounen an ap fini ak nan kòmansman lannwit lan;

      -   Pi  wo tanperati a ap rive pou jodia se 33°C , pi ba l'ap desan'n se 22°C ;

-  Li posib pou gen lapli aswè a.                                                   

                                          

 Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia        11  Novanm       leve  :  05 è 54 mn          kouche:  05 è 13 mn

Jedi          12 Novanm        leve :   05 è 55 mn          kouche : 05 è 12 mn

Vandredi   13 Novanm        leve :   05 è 55 mn          kouche : 05 è 12 mn

                                       

 

Previzyon pou Lanmè a

 

Mèkredi 11 Novanm  pou rive 12 Novanm 09

 

Zòn kotyè Nò

  Mèkredi & Jedi

v  Van an ap soufle nan sektè Sid-sidwès:10 – 20 ne, 

v   Vag yo ap monte 6-8 pye jodia, yo ap bese 4-6 pye jedi;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;

v  N'ap mande vwalye yo pou yo pran prekosyon nan lanmè a.

 

Gòlf Lagonav

Mèkredi & Jedi

v  Van an ap soufle nan sektè Nòdès-Lès:10-15 ne ;

v  Vag yo ap monte : 2 – 4 pye;

v  Lanmè a yon ti jan ajite.

 

Zòn kotyè Sid

Mèkredi & Jedi

v  Van an ap soufle nan sektè Nòdès- Lès: 10-15 ne ;

v   Vag yo ap monte : 2 - 4 pye ;

v  Lanmè a yon ti jan ajite.


Aucun commentaire: