lundi 19 octobre 2009

Bilten Meteyo Lendi 19 Oktòb 09


Pou rive jouk 21 Oktòb 09


SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA

Aks yon fron frèt fini nan Kanal di van. Li melanje ak yon zòn move tan nan Sid Jamayik. Systèm nan voye mas nyaj sou tout fasad Lwès Lil peyi d'Ayiti. Aktivite lapli ak loraj yo ap toujou kenbe pou rejyon Nòdwès, Nò, Latibonit ak tout penensil Sid peyi a aswè a ak demen.

PREVIZYON POU AYITI
- Tan an gen solèy ak kèk nyaj maten an;
- Ap gen nyaj k'ap kouvri syèl la tanzantan pandan jounen an ak nan aswè ;
- Tanperati a ap bon nan lannwit lan;
- Gen chans pou gen lapli ak loraj pasipala aswè a sitou nan depatman : Nò, Nòdwès, Sidès, Sid, Grandans ak Nip.

PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO
- Gen nyaj k'ap pase nan syèl la tanzantan pandan jounen an ak nan kòmansman lannwit lan;
- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 33°C , pi ba l'ap desan'n se 22°C;
- Gen yon ti chans pou gen lapli aswè a..

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

Jodia 19 Oktòb leve : 05 è 45 mn kouche: 17 è 24 mn
Madi 20 Oktòb leve : 05 è 45 mn kouche : 17 è 23 mn
Mèkredi 21 Oktòb leve : 05 è 45 mn kouche : 17 è 22 mn

Previzyon pou Lanmè a
Lendi 19 Oktòb pou rive 20 Oktòb 09

Zòn kotyè Nò
Lendi & Madi
* Van an ap soufle nan sektè Sidès - Sid : 10 - 15 ne;
* Vag yo ap monte 4 - 5 pye ;
* Lanmè a yon ti jan ajite.

Gòlf Lagonav
Lendi & Madi
* Van an ap soufle nan sektè Nòdes :10 - 15 ne ;
* Vag yo ap monte : 4 – 7 pye;
* Lanmè a yon ti jan ajite.

Zòn kotyè Sid
Lendi & Madi
* Van an ap soufle nan sektè Nòdes- Lès :10 - 15 ne ;
* Vag yo ap monte : 4 - 7 pye ;
* Lanmè a yon ti jan ajite.

Aucun commentaire: