jeudi 3 septembre 2009

Bilten spesyal #2, faz alèt Meteyo Jedi 03 Sektanm 09

Vijilans oranj pou kondisyon gwo lapli, gwo kout van ak gwo lanmè nan plan nasyonal jesyon risk ak desas (PNGRD)

Tanpèt Tropikal ERIKA chita sou lanmè Karayib la, li kapab tounen dèyè nan stad depresyon tropikal anvan’l rive Pòtoriko aswè a . Depatman tankou : Nòdès, Nò, Nòdwès, Sant, Latibonit ak Lwès peyi d’Ayiti kapab konsène pa aktivite lapli, gwo kout van ak gwo lanmè samdi nan aswè ak dimanch.

Nan sans sa, SPGRD pase jounen jedi 03 sektanm 09 a dizè nan maten, plan ijans faz alèt ( plis pase 2 jou anvan li kòmanse aji) nan nivo vijilans oranj ( ki vle di risk enpak entansite vyolan k’ap vin’n pi vyolan) pou gwo lapli, gwo kout van, gwo lanmè, nan plan nasyonal jesyon risk ak desas , epi anonse dispozisyon sekirite ki mache ak faz sa.

Maten an a dizè, Sant Tanpèt Tropikal ERIKA trouve’l a 16.9 degre latitid Nò , 63.5 degre lonjitid Lwès, nan yon distans 320 kilomèt Lès-Sidès Sen Jan ( Pòtoriko).

ERIKA ap deplase nan direksyon Lwès-Nòdwès ak yon vitès 13 kilomèt lè. Van ki pi fò yo rive 65 kilomèt lè ak pi gwo van toujou. Van tanpèt yo soufle sou yon reyon 280 kilomèt pa rapò sant presyon Santral la ki se 1010 hekto paskal .

Konsèy sekirite pou nivo VIJILANS ORANJ nan faz alèt
- Rete veyatif, epi toujou rete enfòme sou evolisyon fenomèn sa , pandan n’ap
koute bilten enfòmasyon meteyo;
- Pran enfòmasyon anvan ou sòti, epi pran anpil prekosyon;
- Mete kote an sekirite bagay van ka kraze ;
- Pran anpil prekosyon si ta gen gwo van,
- Mete kote an sekirite tout bagay dlo ka gate si ta gen inondasyon.
- Rezève bagay tankou manje, dlo , bouji, pil ak medikaman.

Aucun commentaire: