dimanche 20 septembre 2009

Bilten Meteyo Samdi 19 Sektanm 09

                            

Pou rive jouk 21 Sektanm  09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA  AK SOU ATLANTIK LA

 

  • Karayib Santral la toujou anba enfliyans lè frèt epi yon zòn move tan ki nan kouch anba  kapab bay lapli ak kout loraj pasipala sou Ayiti aswè a ak demen.
  • Yon zòn move tan trouve'l nan blòk plis pase mil kilomèt nan zòn Ti Zanti. Zòn ba presión sa ap bien òganize'l epi li kapab tounen yon depresyon tropikal ou byen yon siklòn tropikal nan 36 a 48  tè ki pral vini yo. CNM ap swiv ak anpil atansyon systèm sa epi ap toujou kenbe popilasyon an anba enfòmasyon.

 

PREVIZYON POU AYITI

 - Gen solèy ak kèk nyaj maten an men ap gen plis nyaj nan depatman Sant.

 - Ap gen nyaj tanzantan aprè midi a ak nan aswè;

 - Tanperati a ap pi bon nan fen lannwit lan;  

 - Lapli modere nan kèk zòn ak kout loraj pasipala sitou nan depatman Nò, Nòdès,  Sant, Lwès, Sidès, Sid, Nip ak Grandans.

 

   PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

-    Gen solèy maten an

-     Ap gen nyaj k'ap pase nan syèl la aprè midi a ak nan kòmansman lannwit lan;

      -    Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 34°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C;

      -    Gen chans pou gen lapli ak kout loraj pasipala aprè midi a ak nan aswè.

 

 

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia               19  Sektanm           leve  :  05 è 38 mn              kouche:  17 è 48 mn

Dimanch         20 Sektanm            leve :   05 è 38 mn              kouche : 17 è 47 mn

Lendi              21 Sektanm            leve :   05 è 38 mn              kouche : 17 è 46 mn

 

                                               

Previzyon pou Lanmè a

 

Samdi 19 Sektanm 09 pou rive 20 Sektanm 09

 

 

Zòn kotyè Nò

 Samdi & Dimanch

v  Van an ap soufle nan sektè Lès:10 - 15 ne;

v   Vag yo ap monte 3 – 5 pye;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;

 

 

Gòlf Lagonav

Samdi & Dimanch

v  Van an ap soufle nan sektè Lès:10- 15 ne ;

v  Vag yo ap monte : 3 – 5 pye;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;

 

 

Zòn kotyè Sid

Samdi & Dimanch

v  Van an ap soufle nan sektè Lès:10- 15 ne ;

v   Vag yo ap monte : 3 - 5 pye;

v  Lapli ak kout loraj posib bò lanmè a. 

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;


Aucun commentaire: