mardi 8 septembre 2009

Bilten Meteyo Madi 08 Sektanm 09


Bilten Meteyo Madi 08 Sektanm 09


Pou rive jouk 10 Sektanm 09




SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA



  • Yon zòn move tan chita sou Atlantik la jouk rive Kostarika , pase Lil d'Ayiti enfliyanse meteyo a sou yon pati Karayib la maten an. Lapli ak loraj se sa n'ap tan'n sou peyi d'Ayiti jodia.
  • Tanpèt tropikal Fred fòme depi yè sou Oseyan Atlantik lan. Li trouve'l maten an nan yon distans 450 kilomèt Sidwès Zile Kap Vèt. Previzyon trajektwa yo montre l'ap pase nan Nòdwès epi Nò depi demen. Fenomèn sa p'ap konsène rejyon Karayibeyèn nan.


PREVIZYON POU AYITI


- Tan an gen solèy maten an;


- Ap gen nyaj tanzantan nan fen jounen an ak nan kòmansman lannwit lan;


- Tanperati a ap yon ti jan bon nan aswè;


- Lapli ak loraj se sa nou prevwa aswè a sitou nan depatman : Sant, Lwès, Latibonit, Nòdès, Nò, Sidès.


N'ap mande popilasyon an pou'l toujou rete veyatif, epi respekte konsèy sekirite yo si ta gen inondasyon ak gwo kout loraj.



PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO



- Gen bon tan maten an;


- Ap gen nyaj nan aprè midi;


- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 35°C , pi ba l'ap desan'n se 24°C;


- Li posib pou toujou gen lapli ak loraj nan aswè.



Men Kantite Lapli ki tonbe yèswa



Ayopò (CNM):6mm; Monrepo (Kafou):10mm; Forèdèpen: 6mm; Nazon: 4mm; Montay-nwa: 8mm; Kwadèboukè : 6mm; Mòn jantiyòm: 30mm; Benè: 10mm; Okay: 15mm.



Leve ak kouche solèy pou pòtoprens



Jodia 08 Sektanm leve : 05 è 36 mn kouche: 17 è 57 mn


Mèkredi 09 Sektanm leve : 05 è 36 mn kouche : 17 è 56 mn


Jedi 10 Sektanm leve : 05 è 36 mn kouche : 17 è 56 mn



Previzyon pou Lanmè a

Madi 08 Sektanm pou rive 09 Sektanm 09


Zòn kotyè Nò

Madi & Mèkredi


v Van an ap soufle nan sektè Lès - Sidès : 10 - 15 ne;


v Vag yo ap monte 3 – 5 pye;


v Lanmè a yon ti jan ajite;



Gòlf Lagonav


Madi & Mèkredi


v Van an ap soufle nan sektè Lès:15- 20 ne;


v Vag yo ap monte : 5 - 7 pye;


v Lanmè a yon ti jan ajite;




Zòn kotyè Sid


Madi & Mèkredi


v Van an ap soufle nan sektè Lès: 15- 20 ne;


v Vag yo ap monte : 5 -7 pye;


v Lanmè a yon ti jan ajite;

Aucun commentaire: