lundi 14 septembre 2009

Bilten Meteyo Lendi 14 Sektanm 09

 

                              Pou rive jouk 16 Sektanm  09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA  AK SOU ATLANTIK LA

 

  • Yon ond tropikal ki pa gen anpil fòs kite Ti Zanti yo maten an.Kèk kout loraj ki mal separe ap mache dèyè'l epi ap pase lwen kot Sid peyi d'Ayiti aswè a ak demen.

  

PREVIZYON POU AYITI

 - Gen solèy maten an .Ap gen nyaj nan aswè;

  - Tanperati a ap yon ti jan pi bon nan aswè;  

 - Gen chans pou gen lapli pasipala sitou sou tèt mòn yo ki gen van.

 

 

   PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

-    Gen bon tan maten an; ap gen nyaj k'ap pase nan syèl la nan aprè midi

      -    Ap gen nyaj nan aswè;

-    Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 34°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C;

-          Li posib pou gen lapli ak kout loraj fèb pasipala nan aswè.

 

 

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia           14  Sektanm           leve  :  05 è 37 mn            kouche:  17 è  52 mn

Madi           15  Sektanm           leve :   05 è 37 mn            kouche : 17 è 51 mn

Mèkredi      16  Sektanm           leve :   05 è 37 mn            kouche : 17 è 50 mn   

 

                                               

Previzyon pou Lanmè a

 

Lendi 14 Sektanm 09 pou rive 16 Sektanm 09

 

Zòn kotyè Nò

 Lendi & Madi

v  Van an ap soufle nan sektè Lès: 10 - 15 ne;

v   Vag yo ap monte 3 – 5  pye;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;

 

Gòlf Lagonav

Lendi & Madi

v  Van an ap soufle nan sektè Lès:10- 15 ne ;

v  Vag yo ap monte : 3 - 5 pye jodi a ak demen;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;

 

Zòn kotyè Sid

Lendi & Madi

v  Van an ap soufle nan sektè  Lès: 10 - 15 ne ;

v   Vag yo ap monte : 3 - 5 pye;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite.


Aucun commentaire: