jeudi 10 septembre 2009

AYITI VET (Un site sur l'environnement en Haiti)


Kòmanse Yon Sesyon
Non Konfidansyèl
Modpas
Si ou ponkò manm anrejistre
Ou bliye modpas La?

Sa Ayitivèt Ye

"Ayitivèt" se yon nouvo program ki fè apèl atout moun patikilyèman Ayisyen bòn volonte ki pata renmen wè Ayiti detwi e ki gen renmen nan kè yo pou Ayiti. Objektif pwogram lan se rive plante you minimòm 2 milyon pyebwa nan peyi a soti koulye a rive nan lane 2020. Gen kote nan peyi a ki jiska prezan e malgre tou rete byen  vèt. Men gen kote tou, si pa gen anyen ki fèt, avni yo pa asire. Gen moun nan peyi a ki malgre tou kontinye ap fè tout sa yo kapab pou Ayiti ka rete vèt. Men gen moun tou ki pa bay sa regle anyen pou yo  e anplis de sa y ap detwi sa lòt moun fè.

"Ayitivèt" ap fè apèl atout Ayisyen endistenkteman: Ayisyen natifnatal, Ayisyen ki fèt nan lòt peyi; Ayisyen wonivo, Ayisyen banivo; Ayisyen nan mòn, Ayisyen lavil; Ayisyen pale fransè bouch pwenti, Ayisyen bouch sirèt; fi tankou gason; timoun tankou granmoun. An nou fè yon bagay k ap dire; an nou sispann detwi. Padi pwojè sa a gen twòp lanbisyon. Pagen anyen ki enposib, si ou vle ou kapab.

Ki Rezon Pou Nou Plante Pyebwa

 Pou chak eve nman nan lavi w plante yon pyebwa: wapèn akouche premye pitit fi w oubyen premye pitit gason w, plante yon pyebwa pou li. Ou te fè yon aksidan tout moun konnen ou t ap mouri men ou sove, plante yon pye bwa pou sa; wapèn rankontre ak yon boubout, plante yon pye bwa; ou gen yon pitit ki t ap bay traka ki deside konvèti plante yon pye bwa; wapèn rekonèt manman w oubyen papa w, plante yon pye bwa pou sa; ou jwenn viza ou t ap tann nan, plante yon pye bwa; ou rekonsilye avèk madanm ou oubyen mari w, plante yon pyebwa; yon moun fè w yon malonèt plante yon pyebwa pou li, ou rive retounen annayiti apre dizan, kenzan plante yon pyebwa; ou pase nan bakaloreya, plante yon pyebwa.

Si chak moun plante yon pyebwa chak fwa yon bagay kèlkonk rive nan lavi li, 2 milyon pyebwa nan dizan sa p ap anyen. Chak pye bwa ou plante konsidere l kòm yon mann nan fanmiy ou: pran swen l, renmenl, pwoteje l, veye anwo veye anba pou moun pa vyole l, pou moun pa kidnape l, pou bèt pa manje l.

Ki Pyebwa Nou Ka Plante Ki Kote

Plante pyeba kote w jwenn: tou pre lakay, nan lakou, nan jaden, nan mòn, bò chemen, bò rivyè, bò ravin  nan lakou lekòl elatrye. Plante nenpòt pye bwa: mang (tout kalite mang), zoranj, sitwon, zaboka, koray, flanbwayan, bayawonn, kenèp, zanmann, labapen, gwayav, labveritab, kalbas, kokoye, sapoti, korosol, kayimit  kanpèch, bwadòm, kajou, sapen, bwadchèn, figye, sabliye, palmis, latanye, fikis, pyebwa ki fè flè, pyebwa ki fè pikan, pyebwa ki santibon elatrye.

Eske Mwen Oblije Patisipe

Pèsonn pa ka fòse yon moun patisipe. Ou patisipe sèlman si ou vle ak si ou santi li nesesè. Si ou santi anviwonman peyi a an danje, pa pèdi tan, kòmanse aji koulye a menm.

 

 

Vi n Manm
Copyright

__________________________________________________
Do You Yahoo!?
En finir avec le spam? Yahoo! Mail vous offre la meilleure protection possible contre les messages non sollicités
http://mail.yahoo.fr Yahoo! Mail

Aucun commentaire: