dimanche 16 août 2009

Bilten spesyal #2 Meteyo Dimanch 16 Dawou 09


Pre-alèt kondisyon tanpèt nan plan nasyonal jesyon risk ak desas (PNGRD)

2 systèm tropical ap develope sou basen Atlantik la. Premye a rele “Ana” se premye tanpèt Tropikal sezon an li trouve’l kounye a 755 kilomèt lès-sidès zile van yo. Dezyèm tanpèt tropikal ki rele “Bill” ap develop sou basen Atlantik la men li nan blòk 2645 kilomèt nan zòn lès Ti Zanti yo . Systèm sa ap pran plis pase 5 jou pou rive nan dlo ki pi prè gwo Zanti yo.

Nan sans sa, a 8 tè maten, mitan tanpèt tropikal “Ana”kanpe a 14.6 degre latitid lwès ak 54.7 degre longitid lwès nan blòk 755 kilomèt nan lès –sidès zile van yo. “Ana” ap deplase vit nan direksyon lwès a32 kilomèt lè.N’aptan’n yon chanjman toupiti nan direksyon lwès-Nòdwès nan 48 tè ki pral vini yo. Daprè modèl previzyon nou yo, siklòn lan kapab trouve’l madi maten k’ap vini la pa twò lwen kot Sid Sendomeng avèk sitou gwo lapli ak gwo van.

Nan sans sa, SPGRD ap kenbe jodi Dimanch 16 Dawou 2009 a 8tè maten an, li aktivite plan rapid (ijans) siklòn nan faz pre-alèt #2 (nan blòk 2 jou anvan kòmansman dega yo) nan nivo vijilans oranj ( ki vle di risk enpak entansite vyolan a trè vyolan) pou gwo kout van , gwo lanmè, nan Plan Nasyonal Jesyon Risk ak Desas(PNGRD) epi li anonsevaktivasyon faz pre-alèt #2 fas ak menas gwo kout van, gwo lanmè, lapli ak loraj ak risk pou rivyè desan’n, deboulònman tè, ak inondasyon entansite fèb, pou tout 10 depatman nou yo.

- Dispozisyon Sekirite pou nou respekte nan komansman dega nan nivo « Vijilans Oranj » nan faz pre-alèt #2 (PNGRD)

SPGRD ap mande yon lòt fwa ankò ak tout popilasyon10 Depatman an ki rete nan zòn danje yo pou yo agi ak pridans epi pou yo aplike tout konsèy sekirite sa yo si ta gen inondasyon, deboulònman tè ak gwo kout loraj , gwo kout van ak lanmè ki ajite.

SPGRD rekòmande popilasyon an :
1) Pou yo pa rete anba pyebwa
2) Pou yo pa rete tou pre fenèt yo
3) Rete veyatif lè gen gwo lapli
4) Rete kote ki an sekirite lè gen gwo kout loraj
5) Lè gen yon kout loraj ki sezi nou li t’ap pi bon si nou ta rantre nan yon kay oubyen nan yon machin
6) Pa rete bò pyebwa pasipala ak tèt mòn yo paske la foud toujou frape pi souvan kote ki pi wo yo .
7) Fò’n pa bliye kout zèklè yo k’ap gaye nan tè a fò’n pa kouche atè
8) Rete bese , ponyèt ak janb pliye pito nan yon zòn sèk
9) Evite kote ki fret ,ki gen anpil dlo , twou ki gen dlo , ponp
10) Evite kote ki fan’n , roch ki fan’n , rantre gròt , kay an roch oubyen an bwa ak tèt kay an tòl
11) Evite pon ki twò long epi ki wo an fè , rout an fè
12) Evite pil fè ki rouye, goutyè , fil fè , gri
13) Nan kay yo evite sèvi ak telefòn, aparèy ki mache ak kouran epi bò kote ki gen priz kouran
14) Evite pakèt tiyo ki enstale , douch , tiyo dlo , aparèy k’ap chofe
15) Pa kite pò yo jouk nou bay lòd faz alèt # 2

Si yon moun ta viktim ak yon kout zèklè , sèvo primè a ki se sant tout mouvman nan poumon yo kapab bloke pou yon ti tan . Nan sans sa , bouch nan bouch la ap pèmèt nou kenbe aksyon poumon yo jouk yo vi’n fonksyone nòmal.

Aucun commentaire: