vendredi 28 août 2009

Bilten Meteyo Vandredi 28 Dawou 09

 

                                  Pou rive jouk 30 Dawou 09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA  AK SOU ATLANTIK LA

 

 

  • Yon mas lè sèk epi ki rete anplas (bon tan) ap enfliyanse meteyo a sou preske tout zòn Karayib la maten an. Malgre sa, lapli fèb modere nan kèk zòn ap toujou kenbe sou Ayiti aswè a.

 

PREVIZYON POU AYITI

 

- Tan an gen solèy maten an;

- Ap gen nyaj tanzantan  nan syèl la, aprè midi a ak nan aswè ;

- Tanperati a ap yon ti jan bon nan fen lannwit lan; 

- Gen chans pou gen lapli pasipala sou kèk depatman nou yo  aswè a.

 

 

   PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

-    Gen bon tan  maten an;

-    Ap gen nyaj tanzantan nan syèl la  nan fen jounen an;

     -     Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 35°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C;

-          Gen chans pou gen lapli fèb nan kòmansman lannwit lan.      

 

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia                28  Dawou          leve  :  05 è 34 mn                    kouche :06 è 06 mn

Samdi              29  Dawou           leve :   05 è 34 mn                    kouche :06 è 06 mn

Dimanch          30  Dawou           leve :   05 è 34 mn                    kouche :06 è 05 mn 

 

                                               

Previzyon pou Lanmè a

Vandredi 28 Dawou  pou rive 29 Dawou 09

 

 Zòn kotyè Nò

 Vandredi & Samdi

 

v  Van an ap soufle nan sektè Sidès : 10- 15 ne, l'ap vin'n sektè Lès-Sidès: 15-20 ne samdi;

v   Vag yo ap monte 5 - 7  pye;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;

 

Gòlf Lagonav

 Vandredi & Samdi

 

v  Van an ap soufle nan sektè Lès: 15-20 ne;

v  Vag yo ap monte : 4 - 7 pye;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;

 

Zòn kotyè Sid

 Vandredi & Samdi

 

v  Van  an ap soufle nan sektè Lès: 15-20 ne;

v   Vag yo ap monte : 4 - 7 pye pou jodi a men l'ap vin'n 6-8 pye samdi;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;


Aucun commentaire: