samedi 15 août 2009

Bilten Meteyo Samdi 15 Dawou 09

 

                             Bilten Meteyo Samdi 15 Dawou 09

Pou rive jouk 17 Dawou 09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA  AK SOU ATLANTIK LA

 

 

  • Gwo Zanti yo anba enfliyans yon laj zòn bon tan ki rive akòz yon sant wo presyon  ki sou Atlantik la. Aktivite lapli toujou rete fèb pou Ayiti jodi a ak demen. Malgre sa, byen lwen zòn Ti Zanti yo premye Siklòn Tropikal sezon an fòme maten an li pote non « Ana» systèm nan ap deplase kouneya nan direksyon lwès avèk yon  van 65 kilomèt pa lè. Daprè modèl previzyon nou yo, siklòn lan kapab trouve'l madi maten k'ap vini la pa twò lwen kot nò Sendomeng ak lapli k'ap tonbe ak vyolans  epi gwo van. CNM ap swiv ak atansyon kòman system nan ap avanse epi si'l nesesè yon bilten pre-alèt kapab sòti akòz gwo lapli aprè-midi a ou byen aswè a.

 

PREVIZYON POU AYITI

 

- Gen bon tan maten an;

- Ap gen nyaj tanzantan  nan syèl la   aprè midi ;

- Tanperati a ap yon ti jan bon  pandan jounen an ak  lannwit lan; 

- Lapli  ak loraj pasipala posib nan  Sidès ak Sant.

 

Avi

SPGRD mande tout moun ki rete nan zòn a risk yo, pou yo rete veyatif epi respekte konsèy sekirite yo, lè gen inondasyon, deboulònman tè ak gwo kout loraj.

 

   PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

-    Gen bon tan maten an;

-    Ap gen nyaj tanzantan nan syèl la   aprè midi  ak nan kòmansman lannwit lan;

     -     Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 35°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C;

-          Gen chans pou gen lapli fèb nan aswè.       

 

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia            15  Dawou           leve  :  05 è 31 mn                    kouche :06 è 16 mn

Dimanch       16  Dawou           leve :   05 è 31 mn                    kouche :06 è 15 mn

Lendi            17  Dawou           leve :   05 è 32 mn                    kouche :06 è 15 mn

              

 

                                               

Previzyon pou Lanmè a

Samdi 15 Dawou  pou rive 16 Dawou 09

 

 Zòn kotyè Nò

Samdi & Dimanch

 

v  Van an ap soufle nan sektè  Lès: 20- 25 ne;

v   Vag yo ap monte 6 – 9  pye;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;

v  N'ap mande vwalye yo, pou yo pran prekosyon nan lanmè a.

 

Gòlf Lagonav

 Samdi & Dimanch

 

v  Van an ap soufle nan sektè Nòdès -  Lès : 15 -20 ne;

v  Vag yo ap monte : 6 -8 pye;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite epi l'ap ajite;

v  N'ap mande anpil prekosyon nan lanmè a.

 

Zòn kotyè Sid

 Samdi & Dimanch

 

v  Van  an ap soufle nan sektè Nòdès – Lès  : 15 -20 ne;

v   Vag yo ap monte : 7 – 8 pye;

v  Li posib pou toujou gen lapli ak loraj jodia;

v  Lanmè a ap ajite sitou  nan fon lanmè a;

v  N'ap mande vwalye yo, pou yo toujou  pran prekosyon nan lanmè a.


Aucun commentaire: