mercredi 12 août 2009

Bilten Meteyo Mèkredi 12 Dawou 09

 

                            Bilten Meteyo Mèkredi 12 Dawou 09

Pou rive jouk 14 Dawou 09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA  AK SOU ATLANTIK LA

 

 

  • De (2) ond tropikal (ti zòn move tan) ap flannen sou Lanmè Karayib la ak sou Oseyan Atlantik la maten an. Yon'n nan yo trouve'l nan Sidès Pòtoriko, lòt la ap avanse sou  ti Zanti yo. Ond sa yo kontribye pou ogmante aktivite lapli sou peyi d'Ayiti sitou vandredi.

 

PREVIZYON POU AYITI

 

- Tan an  gen solèy ak  kèk nyaj  maten an;

- Ap gen nyaj de tanzantan  nan   aprè midi ;

- L'ap fè cho pandan jounen an, men l' ap pi bon pandan lannwit lan; 

- Li posib pou  toujou  gen lapli ak loraj aswè a ak demen  sitou nan Nòdès, Sant, Lwès, Sidès ak Sid.

 

   PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

-          Gen bon tan  maten an;

-          Ap gen nyaj de tanzantan nan  aprè midi  ak nan kòmansman lannwit lan;

     -     Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 35°C , pi ba l'ap desan'n se 22°C;

-          Gen chans pou gen lapli nan kèk zòn  aswè a.       

 

Kantite Lapli ki tonbe Madi  swa

 

Ayopò: 30mm;  Damyen: 3mm;  Delma 31: 18mm;  Nazon : 10mm; Ba- boudon : 15mm; Montay Nwa : 11mm; Kwadèboukè : 19mm; Fonparizyen:11mm; Benè(Moho) : 30mm; Tibiron : 25mm; Pò-apiman : 11mm.

                               

 Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia            12 Dawou          leve  :  05 è 30 mn        kouche :06 è 18 mn

Jedi              13 Dawou          leve :   05 è 31 mn        kouche :06 è 17 mn

Vandredi      14 Dawou          leve :   05 è 31 mn        kouche :06 è  17 mn

 

                                               

Previzyon pou Lanmè a

Mèkredi 12 Dawou  pou rive 13 Dawou 09

 

Zòn kotyè Nò

 Mèkredi & Jedi

 

v  Van an ap soufle nan sektè  Lès: 15- 20 ne; men l'ap vin Lès - Sidès: 20 -25 ne Jedi

v   Vag yo ap monte 4 – 6  pye ; men y'ap ogmante 6 - 9 pye demen

v  Lanmè a ap yon ti jan ajite;

 

Gòlf Lagonav

 Mèkredi & Jedi

 

v  Van an ap soufle nan sektè  Lès : 15-20 ne;

v  Vag yo ap monte : 5 - 8 pye;

v  Lanmè a ap yon ti jan ajite;

  

Zòn kotyè Sid

 Mèkredi & Jedi

 

v  Van  an ap soufle nan sektè Nòdès – Lès  : 15 -20 ne; l'ap vire  Lès - Sidès Jedi

v   Vag yo ap monte : 5 – 8 pye;

v  Lanmè a ap yon ti jan ajite;


Aucun commentaire: