mercredi 12 août 2009

Bilten Meteyo Mèkredi 12 Dawou 09


Pou rive jouk 14 Dawou 09




SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA




  • De (2) ond tropikal (ti zòn move tan) ap flannen sou Lanmè Karayib la ak sou Oseyan Atlantik la maten an. Yon'n nan yo trouve'l nan Sidès Pòtoriko, lòt la ap avanse sou ti Zanti yo. Ond sa yo kontribye pou ogmante aktivite lapli sou peyi d'Ayiti sitou vandredi.


PREVIZYON POU AYITI



- Tan an gen solèy ak kèk nyaj maten an;


- Ap gen nyaj de tanzantan nan aprè midi ;


- L'ap fè cho pandan jounen an, men l' ap pi bon pandan lannwit lan;


- Li posib pou toujou gen lapli ak loraj aswè a ak demen sitou nan Nòdès, Sant, Lwès, Sidès ak Sid.



PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO



- Gen bon tan maten an;


- Ap gen nyaj de tanzantan nan aprè midi ak nan kòmansman lannwit lan;


- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 35°C , pi ba l'ap desan'n se 22°C;


- Gen chans pou gen lapli nan kèk zòn aswè a.



Kantite Lapli ki tonbe Madi swa



Ayopò: 30mm; Damyen: 3mm; Delma 31: 18mm; Nazon : 10mm; Ba- boudon : 15mm; Montay Nwa : 11mm; Kwadèboukè : 19mm; Fonparizyen:11mm; Benè(Moho) : 30mm; Tibiron : 25mm; Pò-apiman : 11mm.



Leve ak kouche solèy pou pòtoprens



Jodia 12 Dawou leve : 05 è 30 mn kouche :06 è 18 mn


Jedi 13 Dawou leve : 05 è 31 mn kouche :06 è 17 mn


Vandredi 14 Dawou leve : 05 è 31 mn kouche :06 è 17 mn




Previzyon pou Lanmè a


Mèkredi 12 Dawou pou rive 13 Dawou 09



Zòn kotyè Nò


Mèkredi & Jedi



v Van an ap soufle nan sektè Lès: 15- 20 ne; men l'ap vin Lès - Sidès: 20 -25 ne Jedi


v Vag yo ap monte 4 – 6 pye ; men y'ap ogmante 6 - 9 pye demen


v Lanmè a ap yon ti jan ajite;




Gòlf Lagonav


Mèkredi & Jedi




v Van an ap soufle nan sektè Lès : 15-20 ne;


v Vag yo ap monte : 5 - 8 pye;


v Lanmè a ap yon ti jan ajite;



Zòn kotyè Sid


Mèkredi & Jedi




v Van an ap soufle nan sektè Nòdès – Lès : 15 -20 ne; l'ap vire Lès - Sidès Jedi


v Vag yo ap monte : 5 – 8 pye;


v Lanmè a ap yon ti jan ajite;

Aucun commentaire: